Gran Frè Gran Sè nan Konte Essex, Hudson ak Union (Big Brothers Big Sisters of Essex, Hudson & Union Counties)

Partner Overview

Service Overview

Nou ofri de (2) tip pwogram prensipal ke moun ki fè don finanse: Ankadreman Kominotè ak Eskolè. Epi kèlkeswa lè yon timoun antre nan yon pwogram, pa gen limit pou kote li ka ale.

Pwogram Kominotè

Pwogram ankadreman kominotè oswa tradisyonèl BBBS nan Konte Essex, Hudson ak Union nan se li ki pi popilè poutèt fleksibilite a. Pwogram sa a egzije pou volontè a ale lakay piti l la (timoun l ap ankadre a) epi al chèche l pou ankadre l nan tan lib li. Volontè yo rankontre “Piti” yo an tout libète nan kominote a: nan yon espas pou jwe, nan sant komèsyal la, pandan y al manje oswa nan yon mize, eksetera pou yo ekspoze yo ak nouvo eksperyans. Egzijans minimòm nan se pou volontè a pran angajman pou 4 èdtan chak mwa ak 1 lane minimòm.

Egzijans:

Fòmilè aplikasyon an ke paran an ranpli
Antrevi ke pèsonèl BBBS la fè
Antrevi ak Timoun nan ak Paran an nan Biwo a
Pwogram Eskolè

BBBS nan Konte Essex, Hudson ak Union yo ofri yon pwogram SBM Plis ki idantik ak pwogram Eskolè a ki gen anplis, akondisyon konsantman parantal la siyen; Volontè a otorize pou mennen timoun lan nan evènman/aktivite andeyò lekòl la pandan vakans sezon ete yo, lè lekòl rekòmanse, li retounen nan pwogram Eskolè nòmal la.

Egzijans:
Fòmilè referans la ke lekòl la ranpli
Fòmilè Konsantman Parantal yo ki siyen
Antrevi ak timoun nan ki fèt nan lekòl la
Fòmilè konsantman adisyonèl ke Paran an siyen
Antrevi ak paran an

Loading...