Pwogram

Katye Yo Dèsevi

Gwoup Laj

Klas yo Desèvi

Orè Pwogram yo

Peryòd pandan Ane a

Jou Pwogram yo

NJCA se yon òganizasyon popilè ki nan tout peyi a ki goumen pou jistis sosyal, ekonomik ak rasyal. Nou konbine òganizasyon sou teren an, pledwaye lejislatif ak kanpay elektoral pou n reyisi jwenn politik pwogresis ak viktwa politik ki fè yon diferans nan lavi moun yo. NJCA bay sèvis dirèk gratis pou moun ki gen revni fèb ak mwayen nan tout New Jersey chak ane.

Nan Ankadreman pou Dèy (Good Grief), nou ofri sipò san limit epi gratis bay timoun, adolesan, jèn adilt ak fanmi apre lanmò yon manman, papa, sè oswa frè atravè pwogram sipò ant omològ, edikasyon ak pledwaye. Pwogram nou yo reponn ak bezwen timoun nan okonplè: elimine izòlman ak estigma, ekipe fanmi yo avèk estrateji jesyon ak konpetans nan kominikasyon epi favorize sante mantal ak sante fizik ki sen. Ankadreman pou Dèy (Good Grief) travay pou sansibilize epi fè pledwaye pou timoun ak fanmi ki nan dèy pou asire ke okenn timoun pa fè dèy poukont yo. Vizyon nou se pou nou ofri timoun ak adolesan nan tout New Jersey yo sipò ak pledwaye gratis, san limit epi aksesib, pandan n ap fè New Jersey tounen premye eta ki bay sipò ak pledwaye konplè pou tout timoun ak fanmi li yo ki nan dèy.

Misyon ASPIRA se pou l responsabilize kominote a atravè pledwaye, edikasyon ak devlòpman lidèchip. Nan lane 1961, Doktè Antonia Pantoja ak yon gwoup edikatè ak pwofesyonèl te kreye ASPIRA (mo espanyòl pou “aspire”), pou lite kont to abandon lekòl ki wo anpil ak nivo randman eskolè ki fèb lakay jèn pòtoriken yo. Yo te gen konviksyon ke sèl fason pou libere kominote Latino a anba pòvrete epi fè pwomosyon devlòpman konplè l se te pou konsantre sou edikasyon jèn moun yo ak devlope potansyèl lidèchip yo, konfyans nan tèt yo ak fyète yo nan eritaj kiltirèl yo. ASPIRA fè pwomosyon lidèchip atravè edikasyon lè l ofri konsèy, oryantasyon pwofesyonèl, plasman nan inivèsite ak asistans pou jwenn èd finansye pou edikasyon inivèsitè.

Objektif Atizay Newark (Newark Arts) se pou pataje resous, devlope kolaborasyon ak opòtinite entèfonksyonèl, fè pwomosyon efò pou pledwaye, bay asistans nan devlòpman yon piblik ak sansibilizasyon piblik pou atizay ak kilti, epi sèvi kòm yon resous kiltirèl kominotè.Atizay Newark (Newark Arts) egziste pou amelyore kalite lavi pou atis yo nan Newark, òganizasyon atizay yo, ak rezidan yo gras ak inisyativ dirab ki founi salè pou pèmèt yo viv, amelyore edikasyon nan lide pou yon meyè preparasyon pou inivèsite, ogmante asyèt fiskal la epi kreye yon pi gwo angajman sivik.

Bank Alimantè Kominotè New Jersey (Community FoodBank of New Jersey, CFBNJ) a, yon manm Feeding America®, se òganizasyon prensipal pou lit kont grangou ak pòvrete nan eta a. Sa ki te kòmanse tankou yon ti antrepriz modès dèyè kamyonèt fondatè nou an, Kathleen DiChiara, anba lavil Newark nan lane 1975, vin tounen yon sosyete ki pa travay pou pwofi nan lane 1982 epi li grandi pou l tounen de (2) gwo enstalasyon depo nan Hillside ak Egg Harbor Township, gwosè konbine senk teren foutbòl ameriken. Anplasman sa yo desèvi pwogram zòn nan ak patnè kominotè yo- plis pase 1,000 nan 15 sou 21 konte nan New Jersey yo- kote 760,000 vwazen ki pa gen sekirite alimantè ki nan bezwen rezide.

Bibliyotèk Piblik Newark la bay sèvis ak resous esansyèl bay tout moun k ap chèche opòtinite pou konstwi yon lavi miyò. Bibliyotèk Piblik Newark la transfòme lavi e ranfòse kominote yo atravè sèvis inovan, pwogram ki estimilan epi koleksyon ki enspiran.

Se misyon ak responsabilite Divizyon Èd ak Avantaj Fanmi nan Konte Essex la pou l ofri yon opòtinite pou otonomi bay moun yo ak fanmi yo atravè pwogram sèvis ekonomik epi sosyal ki fèt pou sa. Konsèy Sèvis Sosyal Konte a founi yon varyete sèvis finansye, medikal ak sosyal bay moun ak fanmi ki reponn ak kritè nesesè pou pwogram nan.

Pwogram WISE la se yon patenarya ant Èd pou Timoun ak Sèvis pou Fanmi (Children's Aid and Family Services) ak sant Pledwaye pou Timoun Fwaye Wynona (Wynona's House Child Advocacy Center) a nan Newark. WISE se yon pwogram ki baze sou prèv ke Barbara Bonner ak kòlèg li yo nan Sant pou Maltretans ak Neglijans Timoun nan Inivèsite Oklahoma a te devlope pou ede fanmi ki gen timoun ki gen laj 8 – 15 lane ki gen pwoblèm ak limit seksyèl yo. Li ofri evaliyasyon, edikasyon, tretman ak prevansyon ni pou paran yo, ni pou timoun yo. Fanmi yo nan tretman pandan anviwon 16 – 18 semèn. Chak fanmi patisipe nan yon gwoup konsèy ki baze sou yon kourikoulòm konplè, ki baze sou prèv. Gen sesyon endividyèl, familyal ak an gwoup kanmarad ki fèt tou. Pifò pwogram ki abòde enkyetid sou konpòtman seksyèl yo konsantre sou viktim nan. WISE inik poutèt li travay avèk jèn ki gen pwoblèm konpòtman seksyèl yo ansanm ak moun k ap ba yo swen yo. Fanmi yo resevwa sipò pou yo kominike yon fason pi efikas youn ak lòt epi idantifye pwoblèm fondamantal yo bezwen abòde yo. WISE diminye posibilite konpòtman ki bay pwoblèm yo lakay timoun yo, lè li ede evite ke yo antre nan sistèm jistis pou minè a oswa nan plasman nan fanmi akèy oswa swen nan enstitisyon. Sèvis yo kontinye pandan pandemi an. Gen sesyon telesante ki fèt avèk yon modèl familyal olye yon tretman nan gwoup. Jèn yo ak moun k ap ba yo swen yo angaje nan sesyon terapi endividyèl ak familyal.

Enstiti Hetrick-Martin (Hetrick-Martin Institute) kwè ke tout jèn moun, kèlkeswa oryantasyon oswa idantite seksyèl yo, merite yon anviwònman san danje epi favorab kote yo ka atenn tout potansyèl yo. Hetrick-Martin kreye anviwònman sa a pou jèn lezbyèn, masisi, biseksyèl, transjan ak sa k ap kesyone tèt yo (LGBTQ) ki gen ant laj 13 ak 21 lane ak fanmi yo. Gras ak yon ansanm konplè sèvis ak referans dirèk, Hetrick-Martin chèche favorize bon devlòpman jèn yo. Pèsonèl Hetrick-Martin la favorize ekselans nan livrezon sèvis pou jèn yo epi li itilize ekspètiz li pou l kreye pwogram ki inovan ke lòt òganizasyon ka itilize kòm modèl.

ResourceNet Konte Essex la se yon resous sou entènèt ki founi yon gwo evantay enfòmasyon sou sipò, resous ak sèvis pou fanmi yo nan Konte Essex la. Fanmi New Jersey yo ka jwenn aktivite lwazi, pwofesyonèl swen sante, gwoup sipò ak evènman espesifik nan zòn ou an. Si w se yon rezidan Konte Essex, NJ, tanpri, vizite sitwèb la epi abone pou w resevwa Evènman ak Nouvèl Chak Mwa.

Misyon FOCUS se pou l ofri lidèchip kominotè lè l devlope yon varyete sèvis sante ak inisyativ devlòpman moun ki fè kominote a avanse nan direksyon otonomi, kwasans, responsabilizasyon ak yon pi bon kalite lavi.

Pwogram fòmasyon ak anrichisman Bousye Fondasyon Wight lan (STEP) Founi anrichisman akademik pou elèv ki nan klas 8yèm ane nan preparasyon pou admisyon yo nan entèna preparatwa pou inivèsite. Li lokalize nan rejyon New England ak Mid-Atlantic Etazini yo.

Gran Frè Gran Sè (Big Brothers Big Sisters) fonksyone selon konviksyon ke tout timoun genyen nan yo kapasite pou yo reyisi epi epànwi yo nan lavi a. Antanke pi gwo rezo ankadreman nan peyi a ke moun ki fè don ak volontè sipòte, Gran Frè Gran Sè etabli jimlaj ki siyifikatif epi ki siveye ant volontè adilt yo (“Gwo yo”) ak timoun yo (“Piti yo”), nan laj 6 jiska 18 lane, nan kominote yo atravè peyi a. Nou devlope relasyon pozitif ki gen yon efè dirèk epi ki dire sou lavi jèn moun yo. Lè timoun yo ak adolesan yo gen enfliyans yon adilt ki byenveyan, yo gen plis chans pou yo evite konpòtman ki riske epi pou yo konsantre sou etid akademik yo.

Abita pou Limanite (Habitat for Humanity) anvizaje yon mond kote tout moun gen yon kote desan pou yo rete. Misyon Abita se pou l sèvi plis fanmi lè l reponn ak aspirasyon kominote a avèk yon gàm elaji pwodi, sèvis ak patenarya, pou pèmèt rezidan yo fè katye yo reviv epi amelyore kalite lavi a.

Imajine (Imagine), Yon Sant pou Moun fè Fas ak Pèt, se yon sant sipò pou dèy pou timoun, jèn adilt ak fanmi jere lanmò oswa maladi ki chanje lavi yon paran, sè oswa frè oswa pitit. Imajine (Imagine) ofri sipò pou dèy ant kanmarad gratis pandan tout ane a pandan tout tan ki nesesè a. Aktyèlman n ap sèvi plis pase 285 patisipan ki soti nan 55 vil nan sant nou an chak de (2) semèn. Objektif Imajine (Imagine) se pou l kreye kominote kote dèy ak pèt transfòme pou vin tounen rezilyans, anpati ak konpasyon; epi kreye kominote kote okenn timoun pa fè dèy poukont yo.

Nou ofri yon refij sekirize kote timoun yo ak fanmi yo resevwa sipò adisyonèl yo bezwen fas ak ensètitid pou yo epànwi. Pwogram paraskolè yo fè prèv yo nan estimile pèfòmans akademik, diminye konpòtman riske, favorize sante fizik epi ofri yon anviwònman sekirize, estriktire pou timoun ki gen paran yo k ap travay.

Komite Sèvis Zanmi Ameriken (Ameriken Friends Service Committe, AFSC) se yon òganizasyon Quaker ki fè pwomosyon lapè dirab avèk jistis, antanke ekspresyon pratik lafwa annaksyon. Pandan nou apiye sou konesans espirityèl kontinyèl yo epi travay ak moun ki gen diferan orijin, nou kiltive grenn chanjman ak respè pou lavi moun ki transfòme relasyon ak sistèm sosyal yo.

Koneksyon FANMI (FAMILY Connections) se yon ajans kominotè ki ofri konsèy ak sèvis pou fanmi. Chak jou, nou ede timoun, adilt ak fanmi yo transfòme lavi yo nan bon sans la gras ak sèvis konsèy inovan, ranfòsman konpetans, fòmasyon ak prevansyon nou bay avèk yon gwo evantay sèvis espesyalize pou tout laj.

Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy & Parenting Connection, EPPC) fè pati inisyativ admisyon santral NJ a ki konekte fanmi nan Konte Essex yo anvan epi pandan gwosès la, lè timoun nan ti bebe ak lè timoun nan piti avèk sèvis yo nan kominote a. Objektif la se pou founi koneksyon ki pote fwi ant fanmi yo ak sèvis yo bezwen yo pou yo rete ansante epi ansekirite.

Depi 1980, Sant Konsèy Main St. (Main St. Counseling Center) ap founi sèvis konsèy ki aksesib ak abòdab bay rezidan zòn nan. Lokalize nan West Orange, New Jersey, Sant lan founi yon kote ki akeyan e ki sennesof pou resevwa terapi. Nou ofri plizyè opsyon fleksib ki enkli yon bilding ki gen aksè pou moun andikape, akseptasyon Medicare ak Medicaid.

La Casa desèvi plis pase 50,000 moun prensipalman nan Zòn Metwopolitèn Newark ak Konte Essex. Zòn sèvis prensipal òganizasyon an se Gran Nò Newark, ak yon devlòpman kominotè konplè ki sible pou kominote Lower Broadway la. Kominote nou an reflete yon pwofil demografik divèsifye de yon popilasyon Ispanik ak Afwo-Ameriken. La Casa de Don Pedro reponn ak bezwen kominote nou yo grasa pwogram konplè ki ankouraje moun yo e remete lavi nan katye yo, a chak etap dewoulman yo.

Lame di Sali, yon mouvman entènasyonal, se yon pati evanjelik nan legliz Kretyen inivèsèl la. Mesaj li yo baze sou Bib la. Se yon Bondye lanmou ki dèyè ministè li a. Misyon li se pou preche levanjil Jezi Kri a epi reponn ak bezwen imen yo nan Non l san diskriminasyon.Lami Sali a se yon òganizasyon san bi likratif, ki pa peye taks selon Lwa 501(c)(3) nan Kòd Revni Entèn nan. Yo pran enpo sou don yo selon dispozitif lwa si l pèmèt sa. Sant Lame Sali a founi asistans espirityèl, sosyal ak emosyonèl pou gason ak fi ki te pèdi abilite yo pou afwonte pwoblèm yo e sibveni ak bezwen yo.Sant yo ofri lojman rezidansyèl, travay ak terapi endividyèl ak an gwoup, tout sa yo nan yon anviwònman sen epi pwòp.

Liy Asistans pou Enfòmasyon Jeneral Vil Newark, Lyen Itil, Sèvis ak plent Jeneral.

Pwogram Mantora Lidè pou Lavi (Leaders for Life Mentoring Program) la se yon pwogram endividyèl ki konsevwa pou devlope ti gason ki nan lekòl presegondè (laj 11-14 lane) ki soti nan kominote iben yo an fiti lidè ki angaje nan ekselans karaktè, nan sèvis ak ekselans akademik. Pwogram endividyèl ki konsevwa pou devlope ti gason ki nan lekòl presegondè ki soti nan kominote iben yo an fiti lidè ki angaje nan ekselans karaktè, nan sèvis ak ekselans akademik.

Mezon Entegrite (Integrity House) ap rekonstwi lavi gras ak tretman pou adiksyon ak sèvis sipò entegre pou moun ak fanmi. Nou pran angajman pou nou ede moun ak fanmi gras ak yon sistèm efikas epi mezirab tretman kominotè terapetik pou adiksyon ak sipò nan retablisman yon fason ki pote rezilta pozitif alontèm.

Misyon Mouvman Mantota nan Newark (Newark Mentoring Movement) la se pou l transfòme kominote nou an nan prepare jèn yo pou yo reyisi nan lavi yo atravè relasyon pozitif mantora yo. Nou travay pou n ogmante kalite ak kantite relasyon mantora k ap sèvi jèn ki nan Newark yo. Nou pa yon pwogram mantora ki bay sèvis dirèk. Nou se pito yon rezo pou òganizasyon ak moun k ap chèche ede jèn ki nan Newark yo atravè mantora a.

Misyon Sant Sante Kominotè Newark yo (Newark Community Health Centers) se pou founi swen sante abòdab, bon kalite ak aksesib bay kominote ke n ap sèvi yo. Antanke youn nan pi gwo founisè sèvis swen prensipal konplè pou popilasyon ki pa gen asirans yo e ki pa jwenn swen medikal nan youn nan zòn ki pi peple nan peyi a, objektif prensipal nou se elimine disparite ki genyen nan domèn sante yo epi ede moun yo viv yon vi ki pi fèm, ki pi sen e ki gen plis kè kontan.

Lyezon NJ GEAR UP/Destinasyon Kolèj te kòmanse kòm Konsòsyòm pou edikasyon pre-inivèsite nan Gran Newark/Pwogram Destinasyon Kolèj nan New Jersey nan lane 1986, kòm yon kolaborasyon ant lekòl piblik Newark yo ak eta New Jersey. Yo te atribye pati federal pwogram GEAR UP la nan lane 1999 pou bay etidyan yo sèvis siplemantè.

Nouvo Kòporasyon Kominotè (New Community Corporation, NCC) nan Newark, New Jersey, se youn nan òganizasyon pou devlòpman kominotè ki pi gwo e ki pi konplè nan peyi a. Se Msgr. William Linder ki te fonde li an 1968, ki te yon jenn kire pawasyal alepòk. NCC pran nesans li akoz ajitasyon sivil ki t ap etann li nan sant vil tankou Newark yo pandan fen ane 1960 yo. Misyon Nouvo Kominote a se pou ede rezidan sant vil yo amelyore kalite lavi yo pou reflete diyite endividyèl ke Bondye bay ak akonplisman pèsonèl.

Pandan 115 lane, Legliz Newark lokal sa a, atravè Òganis Byenfezans Katolik, travay pou ranfòse ak prezève lavi familyal epi restore diyite chak moun. Gras ak moun Òganis Byenfezans Katolik yo, nou abrite moun ki sanzabri yo, bay moun ki grangou yo manje, pran swen granmoun aje ak moun malad epi edike timoun ak granmoun.

Òganizasyon Entènasyonal Jèn (International Youth Organization) nan se yon òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki gen deziyasyon egzanpsyon fiskal 501 (c) 3 k ap desèvi zòn Konte Newark/Essex la depi plis pase 40 lane. Se James ak Carolyn ki te fonde òganizasyon an avèk asistans yon gwoup benevòl angaje. Antanke Ponpye Newark epi Ofisye Lapolis Espesyal Newark, Mesye Wallace te obsève latriye danje ki t ap tann jèn yo nan kwen lari a ‘Bay timoun yo yon wout pou yo soti nan lari a” te lide pa l pou ede amelyore lavi jèn moun yo ak fanmi yo pou ede yo atenn tout potansyèl yo epi tounen sitwayen pwodiktif. IYO- Òganizasyon Entènasyonal Jèn nan administre Kò Jèn yo nan New Jersey nan Eta a pou Konte Newark ak Essex depi kreyasyon l (1984) epi l te reyisi fòme plizyè milye jèn ak jèn adilt ki vle yon “dezyèm chans” pou yon avni miyò IYO- The International Youth Organization has administered the States New Jersey Youth Corps for Newark and Essex County since the inception (1984) and has successfully trained thousands of youth and young adults who want a “second chance” at a brighter future.

Òganizasyon Sèvis Inifye Vailsburg yo (Unified Vailsburg Services Organization) se yon ajans sèvis imanitè ak devlòpman kominotè ki deziyen kòm yon òganizasyonegzanpsyon fiskal 501(c)(3) k ap desèvi kominote Vailsburg la nan Katye Lwès Newark la depi 1972. Li te kreye gras ak yon kowalisyon vwazinaj ki konpoze ak manm klèje a, lidè sivik ak rezidan Vailsburg ki angaje pou jere chanjman ak fè fas ak koupi sèvis nan kominote a.

Òganizasyon Sipò pou Fanmi Konte Essex se yon òganizasyon ki pa gen objektif fè lajan ki santre sou fanmi, akse sou fanmi ki ofri sipò ant kanmarad, edikasyon ak pledwaye pou paran timoun ki gen difikilte emosyonèl, konpòtmantal, sante mantal, itilizasyon sibstans, entelektyèl ak devlòpmantal. Objektif nou se pou nou bay paran ak moun k ap pran swen yo mwayen pou yo pran kontwòl lavi yo lè yo mize sou fòs yo epi sipòte yo lè li nesesè. Nou travay avèk lòt ajans pou ranfòse fanmi yo pou kenbe jèn yo ansante lakay yo ak nan kominote yo

Misyon Otorite Espò Weequahic Park la se pou founi timoun yo leson aprantisaj pou yo vin akomode yo ak teknik devlòpman epi fondamantal espòtif yo ak devlòpman konpetans ak leson sou lavi nan konsèvasyon tè vakan.

Misyon Otorite Lojman nan Newark se envesti nan fanmi nou yo nan konstui ak finanse lojman abòdab pou ankouraje endepandans ekonomik ak pèmèt kominote yo byen fonksyone.

Pasaj pou al nan Inivèsite (Gateway to College) nan Kolèj Konte Essex (Essex County College) pèmèt jèn ki depase laj yo epi ki pa gen ase kredi ki nan lekòl segondè jwenn yon diplòm ak doub kredi nan yon anviwònman inivèsitè favorab.

Patenarya a se te fizyon twa konsòsyòm eta pou sante matènèl ak timoun nan lane 2012. Patenarya a sèvi kòm ajans planifikasyon prensipal pou sèvis sante matènèl ak timoun nan Nò New Jersey, anba lisans Depatman Sante ak Sèvis pou Moun Aje nan New Jersey. Misyon nou se reponn ak bezwen swen sante fanm yo, tibebe ak timoun yo nan NJ pandan n ap kowòdone edikasyon, planifikasyon ak defans atravè yon planifikasyon ak yon kolaborasyon rejyonal. Konsòsyòm nan fè gwo pwogram sansibilizasyon kominotè ak edikasyon pou konsomatè ak founisè swen sante yo nan eta New Jersey. Patenarya MCH la fè pwogram sansibilizasyon nan kominote a nan divès fason tankou ti gwoup diskisyon, evènman espesyal, fwa sou sante ak jounal ki fèt pou konsomatè yo ki ekri nan lang Angle ak Panyòl.

Patenarya pou Timoun nan Essex (Partnership for Children of Essex, PCE) se yon òganizasyon jesyon swen (CMO) prive san bi likratif ki konsakre l nan ede jèn ki gen bezwen konplèks, tankou: bezwen emosyonèl/konpòtmantal, entèlektyèl/devlopmantal ak jèn k ap konsome sibstans. PCE fè pati Sistèm Swen pou Timoun nan New Jersey yo. PCE itilize yon modèl swen global pandan y ap travay an patenarya ak jèn yo ak fanmi yo nan konsepsyon ak mizannèv yon plan swen ki espesifik ak fòs jèn yo ak bezwen endividyèl yo. PCE pran angajman pou kenbe jèn yo an sekirite lakay yo, nan lekòl yo ak nan kominote yo.

Prevansyon Kont Abi sou Timoun nan New Jersey (Prevent Child Abuse-New Jersey) konstwi yon pi bon avni pou timoun yo nan fè pwomosyon Anfans Ekstrawòdinè, edikasyon parantal pozitif ak devlòpman ki sen pou timoun. Nou edike paran yo, nou bay òganizasyon ak lekòl k ap sèvi jèn ak fanmi yo fòmasyon ak asistans teknik, e nou enfòme manm kominote yo. Nou ede transfòme kay ak lekòl yo sou fòm yon anviwònman ki estimilan, ki fè prevansyon kont twomatis. PCA-NJ se Seksyon nan Eta New Jersey sou Prevansyon kont Abi sou Timoun nan America, yon rezo nan seksyon ki nan tout 50 eta yo. Filyal san bi likratif nou an, Enstiti Byennèt pou Timoun (Child Wellness Institute, ChildWIN), ranfòse rezistans ak sante sosyo-emosyonèl timoun yo ak fanmi yo.

Prezèvasyon Zòn Metwopolitèn Newark (Greater Newark Conservancy) anvizaje ke chak moun nan kominote nou an viv ansante, gen lavi pwodiktif nan amoni ak lanati. Nou pran angajman pou nou santre ekite ak opòtinite nan tout pwogram nou yo epi nan tout òganizasyon nou an. Pou nou fè vizyon sa a avanse, nou kreye opòtinite pou moun angaje tèt yo nan jadinaj ak agrikilti kominotè; jwenn aksè ak pwodi nitritif ki kiltive nan nivo lokal; eksperimante kwasans pèsonèl atravè edikasyon anviwònmantal, fòmasyon sou lidèchip jèn yo ak sipò pou sitwayen ki tounen yo; epi envesti nan katye nou yo atravè kolaborasyon avèk òganizasyon patnè nou yo pou plante grenn, fè kominote a grandi, chanje lavi yo.

Idantifikasyon Minisipal Newark la se yon prèv rezidans pou rezidan Newark yo, sa ki pral pèmèt yo gen aksè ak sèvis, lekòl, bibliyotèk gouvènman vil la epitou ouvri yon kont labank. Yo ka itilize kat la tou pou rabè nan sant sante ak byennèt, pwogram preskripsyon, sinema ak lòt ankò ki patisipe nan pwogram nan.

Pwogram pou Defans Jenès (Youth Advocate Program, YAP) lan se youn nan ajans prensipal nan New Jersey k ap travay ak jèn moun epi ak fanmi ki gen bezwen ki pi konplèks yo nan kominote yo. YAP se youn nan ajans prensipal nan New Jersey k ap travay ak jèn moun epi ak fanmi ki gen bezwen ki pi konplèks yo nan kominote yo. Kontra YAP yo prensipalman ak divizyon Depatman Timoun ak Fanmi nan New Jersey (DCF) ak kèk lòt sèvis adisyonèl, ofri atravè konte endividyèl yo, k ap sèvi plis pase 600 jèn pa semèn.

Pwogram pou Paran yo (PfP) se yon òganizasyon san bi likratif ki travay pou asire ke timoun yo jwenn pi bon depa posib nan lavi a. Nou akonpli sa a nan fè pwomosyon pou bon jan sèvis gadri nan kominote nou an. Nou mete fanmi k ap chèche gadri yo an kontak ak òganizasyon sa yo ki gen kalifikasyon pou sa. Anplis de sa, objektif nou se kontinye amelyore konpetans ak aktivite pwofesyonèl ki nan gadri yo, pou timoun ak fanmi yo resevwa bon jan kalite sèvis nan domèn sante, sekirite ak devlòpman timoun.

Sant Medikal Beth Israel nan Newark (Newark Beth Israel Medical Center) ofri sèvis depistaj ki sètifye, 24 sou 24, pou timoun ak adilt ki nan bezwen pou yon evalyasyon sikyatrik en menm tan ak sèvis konpòtmantal pou pasyan ki entène ak sa ki nan sant anbilatwa. Sant Aprantisaj Terapetik (Therapeutic Learning Center, TLC) a, ki fè pati Sèvis Anbilatwa Sante Konpòtmantal nan Sant Medikal Beth Israel nan Newark, founi Sèvis Swen Pasyèl demi jounen pou timoun ki nan laj 4 rive 11 lane ki prezante pwoblèm konpòtmantal.

Pwojè Lidèchip Sadie Nash la te fonde nan lane 2001 pou fè pwomosyon sou lidèchip ak aktivis nan mitan jèn medam yo. Pwogram nan fèt pou ranfòse, rann otonòm, ak ekipe jèn fanm kòm ajan pou chanjman nan lavi yo ak nan mond lan. Lè yo ogmante patisipasyon fanm nan prran desizyon sosyal, politik ak ekonomik, SNLP ap chache kesyone ak redefini nati lidèchip epi ankouraje pèspektiv ak pratik ki kowoperatif, responsab, etik ak efikas.

Pwojè U.S.E. a se yon òganizasyon edikatif prive san bi likratif ki konsantre l sou devlope karaktè, bati kominote, amelyore pwogram eskolè tradisyonèl la, epi konekte ak mond natirèl la. Fonde nan lane 1970, nou travay ak plis pase 3,000 jèn ak adilt chak ane nan tout New Jersey a ak nan nòdès la. Nou bay pwogram edikatif ki baze sou eksperyans e ekstèn ak lekòl piblik ak prive yo, ak ajans etatik ak minisipal yo, ak gwoup kominotè yo ak antrepriz yo. Pou konnen plis sou moun nou sèvi ak enpak nou, klike anba a.

Misyon Rezo Opòtinite pou Jèn nan Newark la (Newark Opportunity Youth Network) gen twa volè: 1) mete sou pye lekòl piblik ki eksepsyonèl, ki gen nivo mondyal ak pwogram edikatif pou fasilite jèn yo eksplwate entèlijans yo ak enèji pozitif jèn ki gen fèb revni yo; 2) pwouve ke jèn yo ka reyalize bagay pozitif apre lekòl segondè yo malgre gwo obstak yo kontre; ak 3) milite pou chanjman politik piblik ki anpeche siksè yo. Rekonèt ke jèn yo se youn nan pi gwo resous ki disponib pou sivi kominote nou an, n ap yon kominote aprantisaj pwofesyonèl, ki kiltive ak rekonpanse inovasyon ak ankouraje kolaborasyon nan rezo a ak nan mitan konpozan rezo yo.

UBHC angaje nan bay bon jan kalite swen pou moun ki bezwen sèvis sante konpòtmantal e li rive nan kominote toupatou nan eta a avèk yon seri pwogram tretman efikas pou timoun, adolesan, jèn adilt ak fanmi yo. Nou se yon lidè tou nan pwogram prevansyon, entèvansyon nan lekòl yo, fòmasyon pwofesyonèl, ak edikasyon nan sante konpòtmantal sou pwoblèm ki enpòtan anpil pou byennèt kominote nou an.

Kou ki fèt nan ti gwoup yo reponn ak kapasite endividyèl elèv yo nan Matematik ak Angle, sa ki bati yon baz konpetans ak refleksyon kritik. Chak elèv gen bezwen inik. Se poutèt sa nou ofri leson pèsonalize pou ede elèv yo ranfòse konfyans yo ak metriz yo nan travay akademik yo.

Misyon Biwo Tan Aprantisaj Pwolonje (Office of Expanded Learning Time, ELT) a se pou l kowòdone, devlope, mete anplas epi fè pwomosyon bon kalite pwogram anvan/apre lekòl ak pandan sezon ete. Vizyon nou se pou nou amelyore eksperyans akademik rezidan Newark ki gen laj pou al lekòl yo atravè yon pòtfolyo aktivite estriktire, sipèvize e pozitif. Biwo Tan Aprantisaj Pwolonje (ELT) a fè patenarya avèk: fanmi yo, lekòl yo, òganizasyon kominotè yo, finansè yo ak lòt aktè konsène yo nan Newark pou akonpli misyon sa a ak vizyon sa a.

Envesti nan moun defavorize yo pandan y ap kontwi kominote ki pi solid e ki pi an sante gras ak edikasyon epi otonimizasyon finansye.Gras ak lidèchip nou epi patenarya nou yo, rezidan ki nan 13 minisipalite nou yo gen opòtinite pou yo kreye lavi pi an sante ak aksè ak edikasyn bon kalite epi posibilite pou avansman ekonomik.

Sant Resous pou Fanm Shani Baraka (Shani Baraka Women Resource Center) ofri yon varyete sèvis ak resous gratis ki dedye pou ede fanm ki nan kriz yo epi ba yo mwayen pou yo reprann endepandans yo.

Depi plis pase 40 lane, NESF, ki se yon òganizasyon san bi likratif, ap sèvi Kominote Konte Gran Essex la. NESF angaje l nan bay bon jan kalite sèvis ak moun ak fanmi ki bezwen èd alimantè ann ijans, rad, abri, sèvis piblik, lwaye ak lòt pwodui premye nesesite yo nan moman kriz. Moun ki sanzabri, travayè pòv, granmoun aje, moun ki doub dyagnostik, ak moun ki viktim ensandi, degèpisman, oswa vyolans domestik rete kòm priyorite prensipal nou. Lè pa gen okenn lòt kote yo ka ale, moun sa yo ka vini nan NESF. Nou se yon rezo sekirite nan kominote a, nou bay sèvis ak konpasyon, diyite, ak respè.

Misyon Sosyete Kominotè Ironbound (Ironbound Community Corporation) se pou l angaje epi responsabilize moun, fanmi ak gwoup nan reyalizasyon aspirasyon yo epi, ansanm, travay pou kreye yon kominote ki jis, dinamik epi dirab. Sosyete Kominotè Ironbound (Ironbound Community Corporation) fè yon enpak sou lavi rezidan Ironbound yo, ni nan nivo endividyèl, ni nan nivo kominotè. Kit se pou prepare timoun pou lekòl matènèl ak pou siksè pandan tout vi yo avèk bon kalite edikasyon pou timoun piti yo oswa pou negosye itilizasyon tè avèk endistri a ak gouvènman an, priyorite ICC se pou l sipòte moun Ironbound yo avèk sèvis, resous ak opòtinite yo bezwen, yo vle epi yo merite. Avèk kat anplasman pwogram atravè Ironbound, fanmi yo gen aksè ak yon gàm konplè sèvis ak inisyativ ICC.

SPAN Rezo Defans Dwa Paran yo (Parent Advocacy Network) se yon òganizasyon endepandan 501(c)3 ki angaje nan responsablize fanmi yo antanke defansè ak patnè nan amelyore rezilta nan domèn edikasyon, sante, ak sante mantal pou tibebe, timoun piti, timoun ak jèn. SPAN se yon "premye arè" pou fanmi New Jersey yo. Vizyon nou se ke tout fanmi yo ap gen resous ak sipò yo bezwen pou asire ke pitit yo devni manm ki patisipe e kontribye totalman nan kominote nou yo ak nan sosyete a. Misyon nou se responsabilize ak sipòte, enfò epi enplike pwofesyonèl ki enterese ak yon devlòpman e edikasyon timoun ak jèn ansante

Misyon Sant Zòn Nò a (North Ward Center) a se pou ranfòse kominote nou an nan kreye opòtinite akademik, soutni sante ak byennèt fanmi yo epi amelyore kalite lavi pou tout rezidan yo. Prensip fonskyònman nou yo se ofri pwogram ki responsab fiskalman ki konstwi fondasyon pou yon kominote ki vyab sou plan ekonomik.

Sant pou Inovasyon Tribinal (Center for Court Innovation ) lan ap chèche ede kreye yon sistèm jistis ki pi efikas e ki pi imen. Sant lan te lanse youn nan premye tribinal pou minè nan New York nan Red Hook, Brooklyn nan lane 1998. Jodiya, Sant lan ap jere tou tribinal pou minè nan Harlem, Queens, Staten Island, ak Newark, N.J. Tribinal pou minè yo itilize presyon pozitif tribinal pou minè parèy yo pou asire ke jèn ki te komèt enfraksyon minè yo retounen nan kominote yo epi resevwa èd ke yo bezwen pou evite yo enplike plis nan sistèm jidisyè a. Tribinal pou minè yo tande yon seri de krim ba nivo; anpil nan ka tribinal yo trete te ka abouti nan Tribinal pou Fanmi oswa nan Tribinal Penal. Sant lan ede jiridiksyon lokal yo tou nan efò y ap fè pou etabli tribinal pou minè yo.

Urban League Konte Essex la se yon òganizasyon ki gen pwofesyonèl, benevòl byenveyan ak administratè angaje ki konpetan ki bay tèt yo misyon pou amelyore lavi rezidan defavorize yo nan tout Konte Essex la, nan New Jersey. Nou kwè nan rèv Ameriken an – ke tout moun ta dwe gen yon opòtinite ekitab pou atenn siksè ak pwosperite gras ak travay di, detèminasyon epi inisyativ. Misyon nou pou ede Afwo Ameriken yo ak rezidan iben defavorize yo nan atent otosifizans sosyal ak ekonomik lan ak yon vizyon kominote iben dinamik e pwospè k ap ofri bon anplwa, bon lekòl, ak yon kalite lavi ki renfòse vwazinaj ke yo chwazi yo gras ak valè ekselans, inovasyon entegrite, respè ak kolaborasyon efikas.

Depatman Sante ak Byennèt Kominotè a ofri swen sante prensipal atravè Sant Sante Mary Eliza Mahoney a nan kat anplasman nan Vil Newark la. Depatman Sèvis Sante pou Byennèt Timoun ak Fanmi (Dept. Of Child & Family Well Being Health Services) ofri sèvis medikal bay rezidan Newark yo sèlman.

Sant Kote Jèn yo Jwenn Tout Bagay pou Karyè yo nan Newark sipòte kwasans ak siksè timoun nou yo. Nou desèvi jèn ki gen 16-24 lane. La a, yo ka resevwa èd pou yo jwenn GED yo, pou yo devlope kourikoulòm vite yo epi pou yo jwenn yon travay.

Sant pou Defann Timoun Senatè Wynona Lipman lan (ke tout moun konnen sou non Wynona’s House) te kreye nan Newark, New Jersey kòm yon òganizasyon san bi likratif 501(c)3 ke misyon l se pou ede timoun ke te sibi abi oswa ke yo te neglije. Wynona’s House revolisyone pwosesis ke timoun ak fanmi ki dwe fè fas ak konsekans abi ak neglijans andire nan Konte Essex. Nou se yon kolaborasyon plis pase 70 defansè miltidisiplinè k ap ede timoun nan Konte Essex yo ki te sibi abi oswa ke yo te neglije. misyon Wynona’s House se pou fè pwomosyon jistis epi asire gerizon pou timoun ki viktim abi ak neglijans nan Konte Essex.

Depi 1881, YMCA Newark la ap reponn ak bezwen kominote a gras ak yon evantay pwogram ak sèvis. Misyon nou se pou ofri posibilite pou epanouyisman endividyèl, devlòpman jèn yo ak fanmi yo e amelyorasyon global kalite lavi nan kominote nou an gras ak pwogram ki enkli sante, lojman, lwazi, edikasyon ak direksyon sosyal. Nou akonpli misyon nou nan domèn konsantrasyon nou yo: - Devlòpman Jèn yo - Lavi Ansante - Responsabilite Sosyal