Urban League Konte Essex

Partner Overview

Service Overview

Urban League Konte Essex la ofri pwogram ak sèvis apwopriye nan edikasyon, anplwa, lojman ak devlòpman ekonomik ki otonomize kominote yo e chanje lavi.

-Kalite, jounen antye, gadri ak lekòl preskolè ke NAEYC akredite, pwogram dete akademik ki anrichisan pou timoun nan ki nan 5 – 12 lane.
-Pwogram Devlòpman Mendèv, ki enkli Pwogram pou Travayè ki Aje yo ki kreye pou moun ki gen 55 lane ak plis ke sa, amelyore kapasite moun k ap chècheanplwa yo pou yo jwenn e konsève anplwa dirab ak bon pakou karyè.
-Konsèy pou Lojman ke HUD apwouve; ede moun k ap achte kay pou premye fwa yo ak sa ki bezwen yon men leve sou sezi. Nou ede tou fanmi k ap travay k ap fè fas ak ensekirite lojman oswa sanzabri.
-Edikasyon finansye pou amelyore estabilite ekonomik pou fanmi yo.
-Pwogram Reyensèsyon ak Otonomizasyon Jèn yo; pèmèt sa ki pare pou chanje pou amelyore lavi yo, atenn objektif akademik yo ak karyè yo epi tounen rezidan ki endepandan e ki pwodiktif.
-Lidèchip lokal ak angajman sivik favorize emèjans kominote ki dinamik e ki dirab.
-Devlòpman lojman abòdab amelyore katye yo.
-Inisyativ kominotè ak devlòpman lidèchip ogmante kapasite rezidan yo pou defann tèt yo kont pwoblèm ki afekte kalite lavi yo dirèkteman.

Loading...