Prevansyon kont Abi sou Timoun nan New Jersey (Prevent Child Abuse New Jersey)

Prevansyon Kont Abi sou Timoun nan New Jersey (Prevent Child Abuse-New Jersey) konstwi yon pi bon avni pou timoun yo nan fè pwomosyon Anfans Ekstrawòdinè, edikasyon parantal pozitif ak devlòpman ki sen pou timoun. Nou edike paran yo, nou bay òganizasyon ak lekòl k ap sèvi jèn ak fanmi yo fòmasyon ak asistans teknik, e nou enfòme manm kominote yo. Nou ede transfòme kay ak lekòl yo sou fòm yon anviwònman ki estimilan, ki fè prevansyon kont twomatis. PCA-NJ se Seksyon nan Eta New Jersey sou Prevansyon kont Abi sou Timoun nan America, yon rezo nan seksyon ki nan tout 50 eta yo. Filyal san bi likratif nou an, Enstiti Byennèt pou Timoun (Child Wellness Institute, ChildWIN), ranfòse rezistans ak sante sosyo-emosyonèl timoun yo ak fanmi yo.

Read More

Patenarya pou Timoun nan Essex yo (Partnership for Children of Essex)

Patenarya pou Timoun nan Essex (Partnership for Children of Essex, PCE) se yon òganizasyon jesyon swen (CMO) prive san bi likratif ki konsakre l nan ede jèn ki gen bezwen konplèks, tankou: bezwen emosyonèl/konpòtmantal, entèlektyèl/devlopmantal ak jèn k ap konsome sibstans. PCE fè pati Sistèm Swen pou Timoun nan New Jersey yo. PCE itilize yon modèl swen global pandan y ap travay an patenarya ak jèn yo ak fanmi yo nan konsepsyon ak mizannèv yon plan swen ki espesifik ak fòs jèn yo ak bezwen endividyèl yo. PCE pran angajman pou kenbe jèn yo an sekirite lakay yo, nan lekòl yo ak nan kominote yo.

Read More

Òganizasyon Sipò pou Fanmi Konte Essex (Family Support Organization of Essex County)

Òganizasyon Sipò pou Fanmi Konte Essex se yon òganizasyon ki pa gen objektif fè lajan ki santre sou fanmi, akse sou fanmi ki ofri sipò ant kanmarad, edikasyon ak pledwaye pou paran timoun ki gen difikilte emosyonèl, konpòtmantal, sante mantal, itilizasyon sibstans, entelektyèl ak devlòpmantal.

Objektif nou se pou nou bay paran ak moun k ap pran swen yo mwayen pou yo pran kontwòl lavi yo lè yo mize sou fòs yo epi sipòte yo lè li nesesè. Nou travay avèk lòt ajans pou ranfòse fanmi yo pou kenbe jèn yo ansante lakay yo ak nan kominote yo

Read More

Bank Alimantè Kominotè New Jersey (Community FoodBank of New Jersey)

Bank Alimantè Kominotè New Jersey (Community FoodBank of New Jersey, CFBNJ) a, yon manm Feeding America®, se òganizasyon prensipal pou lit kont grangou ak pòvrete nan eta a. Sa ki te kòmanse tankou yon ti antrepriz modès dèyè kamyonèt fondatè nou an, Kathleen DiChiara, anba lavil Newark nan lane 1975, vin tounen yon sosyete ki pa travay pou pwofi nan lane 1982 epi li grandi pou l tounen de (2) gwo enstalasyon depo nan Hillside ak Egg Harbor Township, gwosè konbine senk teren foutbòl ameriken. Anplasman sa yo desèvi pwogram zòn nan ak patnè kominotè yo- plis pase 1,000 nan 15 sou 21 konte nan New Jersey yo- kote 760,000 vwazen ki pa gen sekirite alimantè ki nan bezwen rezide.

Read More