Pwojè Lidèchip Sadie Nash (Sadie Nash Leadership Project)

Pwojè Lidèchip Sadie Nash la te fonde nan lane 2001 pou fè pwomosyon sou lidèchip ak aktivis nan mitan jèn medam yo. Pwogram nan fèt pou ranfòse, rann otonòm, ak ekipe jèn fanm kòm ajan pou chanjman nan lavi yo ak nan mond lan. Lè yo ogmante patisipasyon fanm nan prran desizyon sosyal, politik ak ekonomik, SNLP ap chache kesyone ak redefini nati lidèchip epi ankouraje pèspektiv ak pratik ki kowoperatif, responsab, etik ak efikas.

Read More

Rutgers University Behavioral Health Care – UBHC

UBHC angaje nan bay bon jan kalite swen pou moun ki bezwen sèvis sante konpòtmantal e li rive nan kominote toupatou nan eta a avèk yon seri pwogram tretman efikas pou timoun, adolesan, jèn adilt ak fanmi yo. Nou se yon lidè tou nan pwogram prevansyon, entèvansyon nan lekòl yo, fòmasyon pwofesyonèl, ak edikasyon nan sante konpòtmantal sou pwoblèm ki enpòtan anpil pou byennèt kominote nou an.

Read More

Pwogram pou Paran yo

Pwogram pou Paran yo (PfP) se yon òganizasyon san bi likratif ki travay pou asire ke timoun yo jwenn pi bon depa posib nan lavi a. Nou akonpli sa a nan fè pwomosyon pou bon jan sèvis gadri nan kominote nou an.

Nou mete fanmi k ap chèche gadri yo an kontak ak òganizasyon sa yo ki gen kalifikasyon pou sa. Anplis de sa, objektif nou se kontinye amelyore konpetans ak aktivite pwofesyonèl ki nan gadri yo, pou timoun ak fanmi yo resevwa bon jan kalite sèvis nan domèn sante, sekirite ak devlòpman timoun.

Read More

Patenarya pou Sante Matènèl ak Timoun (Partnership for Maternal & Child Health)

Patenarya a se te fizyon twa konsòsyòm eta pou sante matènèl ak timoun nan lane 2012. Patenarya a sèvi kòm ajans planifikasyon prensipal pou sèvis sante matènèl ak timoun nan Nò New Jersey, anba lisans Depatman Sante ak Sèvis pou Moun Aje nan New Jersey.
Misyon nou se reponn ak bezwen swen sante fanm yo, tibebe ak timoun yo nan NJ pandan n ap kowòdone edikasyon, planifikasyon ak defans atravè yon planifikasyon ak yon kolaborasyon rejyonal. Konsòsyòm nan fè gwo pwogram sansibilizasyon kominotè ak edikasyon pou konsomatè ak founisè swen sante yo nan eta New Jersey.
Patenarya MCH la fè pwogram sansibilizasyon nan kominote a nan divès fason tankou ti gwoup diskisyon, evènman espesyal, fwa sou sante ak jounal ki fèt pou konsomatè yo ki ekri nan lang Angle ak Panyòl.

Read More

Rezo Opòtinite pou Jèn nan Newark (Newark Opportunity Youth Network) – NOYN

Misyon Rezo Opòtinite pou Jèn nan Newark la (Newark Opportunity Youth Network) gen twa volè:
1) mete sou pye lekòl piblik ki eksepsyonèl, ki gen nivo mondyal ak pwogram edikatif pou fasilite jèn yo eksplwate entèlijans yo ak enèji pozitif jèn ki gen fèb revni yo;
2) pwouve ke jèn yo ka reyalize bagay pozitif apre lekòl segondè yo malgre gwo obstak yo kontre; ak
3) milite pou chanjman politik piblik ki anpeche siksè yo.

Rekonèt ke jèn yo se youn nan pi gwo resous ki disponib pou sivi kominote nou an, n ap yon kominote aprantisaj pwofesyonèl, ki kiltive ak rekonpanse inovasyon ak ankouraje kolaborasyon nan rezo a ak nan mitan konpozan rezo yo.

Read More

Mouvman Mantora nan Newark (Newark Mentoring Movement)

Misyon Mouvman Mantota nan Newark (Newark Mentoring Movement) la se pou l transfòme kominote nou an nan prepare jèn yo pou yo reyisi nan lavi yo atravè relasyon pozitif mantora yo. Nou travay pou n ogmante kalite ak kantite relasyon mantora k ap sèvi jèn ki nan Newark yo. Nou pa yon pwogram mantora ki bay sèvis dirèk. Nou se pito yon rezo pou òganizasyon ak moun k ap chèche ede jèn ki nan Newark yo atravè mantora a.

Read More

Sèvis Ijans Newark pou Fanmi (Newark Emergency Services for Families)

Depi plis pase 40 lane, NESF, ki se yon òganizasyon san bi likratif, ap sèvi Kominote Konte Gran Essex la. NESF angaje l nan bay bon jan kalite sèvis ak moun ak fanmi ki bezwen èd alimantè ann ijans, rad, abri, sèvis piblik, lwaye ak lòt pwodui premye nesesite yo nan moman kriz. Moun ki sanzabri, travayè pòv, granmoun aje, moun ki doub dyagnostik, ak moun ki viktim ensandi, degèpisman, oswa vyolans domestik rete kòm priyorite prensipal nou. Lè pa gen okenn lòt kote yo ka ale, moun sa yo ka vini nan NESF. Nou se yon rezo sekirite nan kominote a, nou bay sèvis ak konpasyon, diyite, ak respè.

Read More

Newark Community Health Centers, Inc. – NCHC

Misyon Sant Sante Kominotè Newark yo (Newark Community Health Centers) se pou founi swen sante abòdab, bon kalite ak aksesib bay kominote ke n ap sèvi yo. Antanke youn nan pi gwo founisè sèvis swen prensipal konplè pou popilasyon ki pa gen asirans yo e ki pa jwenn swen medikal nan youn nan zòn ki pi peple nan peyi a, objektif prensipal nou se elimine disparite ki genyen nan domèn sante yo epi ede moun yo viv yon vi ki pi fèm, ki pi sen e ki gen plis kè kontan.

Read More

Pwogram Sant Aprantisaj Terapetik Newark Beth Israel (Newark Beth Israel Therapeutic Learning Center Program)

Sant Medikal Beth Israel nan Newark (Newark Beth Israel Medical Center) ofri sèvis depistaj ki sètifye, 24 sou 24, pou timoun ak adilt ki nan bezwen pou yon evalyasyon sikyatrik en menm tan ak sèvis konpòtmantal pou pasyan ki entène ak sa ki nan sant anbilatwa.

Sant Aprantisaj Terapetik (Therapeutic Learning Center, TLC) a, ki fè pati Sèvis Anbilatwa Sante Konpòtmantal nan Sant Medikal Beth Israel nan Newark, founi Sèvis Swen Pasyèl demi jounen pou timoun ki nan laj 4 rive 11 lane ki prezante pwoblèm konpòtmantal.

Read More