Patenarya pou Sante Matènèl ak Timoun (Partnership for Maternal & Child Health)

Patenarya a se te fizyon twa konsòsyòm eta pou sante matènèl ak timoun nan lane 2012. Patenarya a sèvi kòm ajans planifikasyon prensipal pou sèvis sante matènèl ak timoun nan Nò New Jersey, anba lisans Depatman Sante ak Sèvis pou Moun Aje nan New Jersey.
Misyon nou se reponn ak bezwen swen sante fanm yo, tibebe ak timoun yo nan NJ pandan n ap kowòdone edikasyon, planifikasyon ak defans atravè yon planifikasyon ak yon kolaborasyon rejyonal. Konsòsyòm nan fè gwo pwogram sansibilizasyon kominotè ak edikasyon pou konsomatè ak founisè swen sante yo nan eta New Jersey.
Patenarya MCH la fè pwogram sansibilizasyon nan kominote a nan divès fason tankou ti gwoup diskisyon, evènman espesyal, fwa sou sante ak jounal ki fèt pou konsomatè yo ki ekri nan lang Angle ak Panyòl.

Read More

Tribinal pou Minè nan Newark – Sant pou Inovasyon Tribinal

Sant pou Inovasyon Tribinal (Center for Court Innovation
) lan ap chèche ede kreye yon sistèm jistis ki pi efikas e ki pi imen. Sant lan te lanse youn nan premye tribinal pou minè nan New York nan Red Hook, Brooklyn nan lane 1998. Jodiya, Sant lan ap jere tou tribinal pou minè nan Harlem, Queens, Staten Island, ak Newark, N.J. Tribinal pou minè yo itilize presyon pozitif tribinal pou minè parèy yo pou asire ke jèn ki te komèt enfraksyon minè yo retounen nan kominote yo epi resevwa èd ke yo bezwen pou evite yo enplike plis nan sistèm jidisyè a. Tribinal pou minè yo tande yon seri de krim ba nivo; anpil nan ka tribinal yo trete te ka abouti nan Tribinal pou Fanmi oswa nan Tribinal Penal. Sant lan ede jiridiksyon lokal yo tou nan efò y ap fè pou etabli tribinal pou minè yo.

Read More

Mouvman Mantora nan Newark (Newark Mentoring Movement)

Misyon Mouvman Mantota nan Newark (Newark Mentoring Movement) la se pou l transfòme kominote nou an nan prepare jèn yo pou yo reyisi nan lavi yo atravè relasyon pozitif mantora yo. Nou travay pou n ogmante kalite ak kantite relasyon mantora k ap sèvi jèn ki nan Newark yo. Nou pa yon pwogram mantora ki bay sèvis dirèk. Nou se pito yon rezo pou òganizasyon ak moun k ap chèche ede jèn ki nan Newark yo atravè mantora a.

Read More

Atizay Newark (Newark Arts)

Objektif Atizay Newark (Newark Arts) se pou pataje resous, devlope kolaborasyon ak opòtinite entèfonksyonèl, fè pwomosyon efò pou pledwaye, bay asistans nan devlòpman yon piblik ak sansibilizasyon piblik pou atizay ak kilti, epi sèvi kòm yon resous kiltirèl kominotè.Atizay Newark (Newark Arts) egziste pou amelyore kalite lavi pou atis yo nan Newark, òganizasyon atizay yo, ak rezidan yo gras ak inisyativ dirab ki founi salè pou pèmèt yo viv, amelyore edikasyon nan lide pou yon meyè preparasyon pou inivèsite, ogmante asyèt fiskal la epi kreye yon pi gwo angajman sivik.

Read More

La Casa de Don Pedro

La Casa desèvi plis pase 50,000 moun prensipalman nan Zòn Metwopolitèn Newark ak Konte Essex. Zòn sèvis prensipal òganizasyon an se Gran Nò Newark, ak yon devlòpman kominotè konplè ki sible pou kominote Lower Broadway la. Kominote nou an reflete yon pwofil demografik divèsifye de yon popilasyon Ispanik ak Afwo-Ameriken. La Casa de Don Pedro reponn ak bezwen kominote nou yo grasa pwogram konplè ki ankouraje moun yo e remete lavi nan katye yo, a chak etap dewoulman yo.

Read More

Imajine Newark (Imagine Newark)

Imajine (Imagine), Yon Sant pou Moun fè Fas ak Pèt, se yon sant sipò pou dèy pou timoun, jèn adilt ak fanmi jere lanmò oswa maladi ki chanje lavi yon paran, sè oswa frè oswa pitit. Imajine (Imagine) ofri sipò pou dèy ant kanmarad gratis pandan tout ane a pandan tout tan ki nesesè a. Aktyèlman n ap sèvi plis pase 285 patisipan ki soti nan 55 vil nan sant nou an chak de (2) semèn. Objektif Imajine (Imagine) se pou l kreye kominote kote dèy ak pèt transfòme pou vin tounen rezilyans, anpati ak konpasyon; epi kreye kominote kote okenn timoun pa fè dèy poukont yo.

Read More

Essex ResourceNet

ResourceNet Konte Essex la se yon resous sou entènèt ki founi yon gwo evantay enfòmasyon sou sipò, resous ak sèvis pou fanmi yo nan Konte Essex la. Fanmi New Jersey yo ka jwenn aktivite lwazi, pwofesyonèl swen sante, gwoup sipò ak evènman espesifik nan zòn ou an. Si w se yon rezidan Konte Essex, NJ, tanpri, vizite sitwèb la epi abone pou w resevwa Evènman ak Nouvèl Chak Mwa.

Read More

ASPIRA New Jersey

Misyon ASPIRA se pou l responsabilize kominote a atravè pledwaye, edikasyon ak devlòpman lidèchip. Nan lane 1961, Doktè Antonia Pantoja ak yon gwoup edikatè ak pwofesyonèl te kreye ASPIRA (mo espanyòl pou “aspire”), pou lite kont to abandon lekòl ki wo anpil ak nivo randman eskolè ki fèb lakay jèn pòtoriken yo. Yo te gen konviksyon ke sèl fason pou libere kominote Latino a anba pòvrete epi fè pwomosyon devlòpman konplè l se te pou konsantre sou edikasyon jèn moun yo ak devlope potansyèl lidèchip yo, konfyans nan tèt yo ak fyète yo nan eritaj kiltirèl yo. ASPIRA fè pwomosyon lidèchip atravè edikasyon lè l ofri konsèy, oryantasyon pwofesyonèl, plasman nan inivèsite ak asistans pou jwenn èd finansye pou edikasyon inivèsitè.

Read More