Prezèvasyon Zòn Metwopolitèn Newark (Greater Newark Conservancy)

Prezèvasyon Zòn Metwopolitèn Newark (Greater Newark Conservancy) anvizaje ke chak moun nan kominote nou an viv ansante, gen lavi pwodiktif nan amoni ak lanati. Nou pran angajman pou nou santre ekite ak opòtinite nan tout pwogram nou yo epi nan tout òganizasyon nou an.

Pou nou fè vizyon sa a avanse, nou kreye opòtinite pou moun angaje tèt yo nan jadinaj ak agrikilti kominotè; jwenn aksè ak pwodi nitritif ki kiltive nan nivo lokal; eksperimante kwasans pèsonèl atravè edikasyon anviwònmantal, fòmasyon sou lidèchip jèn yo ak sipò pou sitwayen ki tounen yo; epi envesti nan katye nou yo atravè kolaborasyon avèk òganizasyon patnè nou yo pou plante grenn, fè kominote a grandi, chanje lavi yo.

Read More

Koneksyon Fanmi (Family Connections)

Koneksyon FANMI (FAMILY Connections) se yon ajans kominotè ki ofri konsèy ak sèvis pou fanmi. Chak jou, nou ede timoun, adilt ak fanmi yo transfòme lavi yo nan bon sans la gras ak sèvis konsèy inovan, ranfòsman konpetans, fòmasyon ak prevansyon nou bay avèk yon gwo evantay sèvis espesyalize pou tout laj.

Read More

Essex ResourceNet

ResourceNet Konte Essex la se yon resous sou entènèt ki founi yon gwo evantay enfòmasyon sou sipò, resous ak sèvis pou fanmi yo nan Konte Essex la. Fanmi New Jersey yo ka jwenn aktivite lwazi, pwofesyonèl swen sante, gwoup sipò ak evènman espesifik nan zòn ou an. Si w se yon rezidan Konte Essex, NJ, tanpri, vizite sitwèb la epi abone pou w resevwa Evènman ak Nouvèl Chak Mwa.

Read More

Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy and Parenting Connection)

Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy & Parenting Connection, EPPC) fè pati inisyativ admisyon santral NJ a ki konekte fanmi nan Konte Essex yo anvan epi pandan gwosès la, lè timoun nan ti bebe ak lè timoun nan piti avèk sèvis yo nan kominote a. Objektif la se pou founi koneksyon ki pote fwi ant fanmi yo ak sèvis yo bezwen yo pou yo rete ansante epi ansekirite.

Read More

Sant Elèv Dr. Marion A. Boldern (Dr. Marion A. Bolden Student Center)

Misyon Biwo Tan Aprantisaj Pwolonje (Office of Expanded Learning Time, ELT) a se pou l kowòdone, devlope, mete anplas epi fè pwomosyon bon kalite pwogram anvan/apre lekòl ak pandan sezon ete. Vizyon nou se pou nou amelyore eksperyans akademik rezidan Newark ki gen laj pou al lekòl yo atravè yon pòtfolyo aktivite estriktire, sipèvize e pozitif. Biwo Tan Aprantisaj Pwolonje (ELT) a fè patenarya avèk: fanmi yo, lekòl yo, òganizasyon kominotè yo, finansè yo ak lòt aktè konsène yo nan Newark pou akonpli misyon sa a ak vizyon sa a.

Read More