Pwogram pou Defans Jenès (Youth Advocate Program)

Pwogram pou Defans Jenès (Youth Advocate Program, YAP) lan se youn nan ajans prensipal nan New Jersey k ap travay ak jèn moun epi ak fanmi ki gen bezwen ki pi konplèks yo nan kominote yo. YAP se youn nan ajans prensipal nan New Jersey k ap travay ak jèn moun epi ak fanmi ki gen bezwen ki pi konplèks yo nan kominote yo. Kontra YAP yo prensipalman ak divizyon Depatman Timoun ak Fanmi nan New Jersey (DCF) ak kèk lòt sèvis adisyonèl, ofri atravè konte endividyèl yo, k ap sèvi plis pase 600 jèn pa semèn.

Read More

Wynona’s House

Sant pou Defann Timoun Senatè Wynona Lipman lan (ke tout moun konnen sou non Wynona’s House) te kreye nan Newark, New Jersey kòm yon òganizasyon san bi likratif 501(c)3 ke misyon l se pou ede timoun ke te sibi abi oswa ke yo te neglije. Wynona’s House revolisyone pwosesis ke timoun ak fanmi ki dwe fè fas ak konsekans abi ak neglijans andire nan Konte Essex. Nou se yon kolaborasyon plis pase 70 defansè miltidisiplinè k ap ede timoun nan Konte Essex yo ki te sibi abi oswa ke yo te neglije. misyon Wynona’s House se pou fè pwomosyon jistis epi asire gerizon pou timoun ki viktim abi ak neglijans nan Konte Essex.

Read More

Urban League Konte Essex

Urban League Konte Essex la se yon òganizasyon ki gen pwofesyonèl, benevòl byenveyan ak administratè angaje ki konpetan ki bay tèt yo misyon pou amelyore lavi rezidan defavorize yo nan tout Konte Essex la, nan New Jersey. Nou kwè nan rèv Ameriken an – ke tout moun ta dwe gen yon opòtinite ekitab pou atenn siksè ak pwosperite gras ak travay di, detèminasyon epi inisyativ.
Misyon nou pou ede Afwo Ameriken yo ak rezidan iben defavorize yo nan atent otosifizans sosyal ak ekonomik lan ak yon vizyon kominote iben dinamik e pwospè k ap ofri bon anplwa, bon lekòl, ak yon kalite lavi ki renfòse vwazinaj ke yo chwazi yo gras ak valè ekselans, inovasyon entegrite, respè ak kolaborasyon efikas.

Read More

Pwogram pou Paran yo

Pwogram pou Paran yo (PfP) se yon òganizasyon san bi likratif ki travay pou asire ke timoun yo jwenn pi bon depa posib nan lavi a. Nou akonpli sa a nan fè pwomosyon pou bon jan sèvis gadri nan kominote nou an.

Nou mete fanmi k ap chèche gadri yo an kontak ak òganizasyon sa yo ki gen kalifikasyon pou sa. Anplis de sa, objektif nou se kontinye amelyore konpetans ak aktivite pwofesyonèl ki nan gadri yo, pou timoun ak fanmi yo resevwa bon jan kalite sèvis nan domèn sante, sekirite ak devlòpman timoun.

Read More

Patenarya pou Timoun nan Essex yo (Partnership for Children of Essex)

Patenarya pou Timoun nan Essex (Partnership for Children of Essex, PCE) se yon òganizasyon jesyon swen (CMO) prive san bi likratif ki konsakre l nan ede jèn ki gen bezwen konplèks, tankou: bezwen emosyonèl/konpòtmantal, entèlektyèl/devlopmantal ak jèn k ap konsome sibstans. PCE fè pati Sistèm Swen pou Timoun nan New Jersey yo. PCE itilize yon modèl swen global pandan y ap travay an patenarya ak jèn yo ak fanmi yo nan konsepsyon ak mizannèv yon plan swen ki espesifik ak fòs jèn yo ak bezwen endividyèl yo. PCE pran angajman pou kenbe jèn yo an sekirite lakay yo, nan lekòl yo ak nan kominote yo.

Read More

Sèvis Ijans Newark pou Fanmi (Newark Emergency Services for Families)

Depi plis pase 40 lane, NESF, ki se yon òganizasyon san bi likratif, ap sèvi Kominote Konte Gran Essex la. NESF angaje l nan bay bon jan kalite sèvis ak moun ak fanmi ki bezwen èd alimantè ann ijans, rad, abri, sèvis piblik, lwaye ak lòt pwodui premye nesesite yo nan moman kriz. Moun ki sanzabri, travayè pòv, granmoun aje, moun ki doub dyagnostik, ak moun ki viktim ensandi, degèpisman, oswa vyolans domestik rete kòm priyorite prensipal nou. Lè pa gen okenn lòt kote yo ka ale, moun sa yo ka vini nan NESF. Nou se yon rezo sekirite nan kominote a, nou bay sèvis ak konpasyon, diyite, ak respè.

Read More

Newark Community Health Centers, Inc. – NCHC

Misyon Sant Sante Kominotè Newark yo (Newark Community Health Centers) se pou founi swen sante abòdab, bon kalite ak aksesib bay kominote ke n ap sèvi yo. Antanke youn nan pi gwo founisè sèvis swen prensipal konplè pou popilasyon ki pa gen asirans yo e ki pa jwenn swen medikal nan youn nan zòn ki pi peple nan peyi a, objektif prensipal nou se elimine disparite ki genyen nan domèn sante yo epi ede moun yo viv yon vi ki pi fèm, ki pi sen e ki gen plis kè kontan.

Read More

Pwogram Sant Aprantisaj Terapetik Newark Beth Israel (Newark Beth Israel Therapeutic Learning Center Program)

Sant Medikal Beth Israel nan Newark (Newark Beth Israel Medical Center) ofri sèvis depistaj ki sètifye, 24 sou 24, pou timoun ak adilt ki nan bezwen pou yon evalyasyon sikyatrik en menm tan ak sèvis konpòtmantal pou pasyan ki entène ak sa ki nan sant anbilatwa.

Sant Aprantisaj Terapetik (Therapeutic Learning Center, TLC) a, ki fè pati Sèvis Anbilatwa Sante Konpòtmantal nan Sant Medikal Beth Israel nan Newark, founi Sèvis Swen Pasyèl demi jounen pou timoun ki nan laj 4 rive 11 lane ki prezante pwoblèm konpòtmantal.

Read More