Aksyon Sitwayen New Jersey (New Jersey Citizen Action)

NJCA se yon òganizasyon popilè ki nan tout peyi a ki goumen pou jistis sosyal, ekonomik ak rasyal. Nou konbine òganizasyon sou teren an, pledwaye lejislatif ak kanpay elektoral pou n reyisi jwenn politik pwogresis ak viktwa politik ki fè yon diferans nan lavi moun yo. NJCA bay sèvis dirèk gratis pou moun ki gen revni fèb ak mwayen nan tout New Jersey chak ane.

Read More

Nouvo Kòporasyon Kominotè (New Community Corporation) – NCC

Nouvo Kòporasyon Kominotè (New Community Corporation, NCC) nan Newark, New Jersey, se youn nan òganizasyon pou devlòpman kominotè ki pi gwo e ki pi konplè nan peyi a. Se Msgr. William Linder ki te fonde li an 1968, ki te yon jenn kire pawasyal alepòk. NCC pran nesans li akoz ajitasyon sivil ki t ap etann li nan sant vil tankou Newark yo pandan fen ane 1960 yo. Misyon Nouvo Kominote a se pou ede rezidan sant vil yo amelyore kalite lavi yo pou reflete diyite endividyèl ke Bondye bay ak akonplisman pèsonèl.

Read More

Konsèy Main Street (Main Street Counseling)

Depi 1980, Sant Konsèy Main St. (Main St. Counseling Center) ap founi sèvis konsèy ki aksesib ak abòdab bay rezidan zòn nan. Lokalize nan West Orange, New Jersey, Sant lan founi yon kote ki akeyan e ki sennesof pou resevwa terapi. Nou ofri plizyè opsyon fleksib ki enkli yon bilding ki gen aksè pou moun andikape, akseptasyon Medicare ak Medicaid.

Read More

Sosyete Kominotè Ironbound (Ironbound Community Corporation) – ICC

Misyon Sosyete Kominotè Ironbound (Ironbound Community Corporation) se pou l angaje epi responsabilize moun, fanmi ak gwoup nan reyalizasyon aspirasyon yo epi, ansanm, travay pou kreye yon kominote ki jis, dinamik epi dirab.

Sosyete Kominotè Ironbound (Ironbound Community Corporation) fè yon enpak sou lavi rezidan Ironbound yo, ni nan nivo endividyèl, ni nan nivo kominotè. Kit se pou prepare timoun pou lekòl matènèl ak pou siksè pandan tout vi yo avèk bon kalite edikasyon pou timoun piti yo oswa pou negosye itilizasyon tè avèk endistri a ak gouvènman an, priyorite ICC se pou l sipòte moun Ironbound yo avèk sèvis, resous ak opòtinite yo bezwen, yo vle epi yo merite. Avèk kat anplasman pwogram atravè Ironbound, fanmi yo gen aksè ak yon gàm konplè sèvis ak inisyativ ICC.

Read More

Òganizasyon Entènasyonal Jèn (International Youth Organization)

Òganizasyon Entènasyonal Jèn (International Youth Organization) nan se yon òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki gen deziyasyon egzanpsyon fiskal 501 (c) 3 k ap desèvi zòn Konte Newark/Essex la depi plis pase 40 lane. Se James ak Carolyn ki te fonde òganizasyon an avèk asistans yon gwoup benevòl angaje. Antanke Ponpye Newark epi Ofisye Lapolis Espesyal Newark, Mesye Wallace te obsève latriye danje ki t ap tann jèn yo nan kwen lari a ‘Bay timoun yo yon wout pou yo soti nan lari a” te lide pa l pou ede amelyore lavi jèn moun yo ak fanmi yo pou ede yo atenn tout potansyèl yo epi tounen sitwayen pwodiktif.

IYO- Òganizasyon Entènasyonal Jèn nan administre Kò Jèn yo nan New Jersey nan Eta a pou Konte Newark ak Essex depi kreyasyon l (1984) epi l te reyisi fòme plizyè milye jèn ak jèn adilt ki vle yon “dezyèm chans” pou yon avni miyò

IYO- The International Youth Organization has administered the States New Jersey Youth Corps for Newark and Essex County since the inception (1984) and has successfully trained thousands of youth and young adults who want a “second chance” at a brighter future.

Read More

Mezon Entegrite (Integrity House)

Mezon Entegrite (Integrity House) ap rekonstwi lavi gras ak tretman pou adiksyon ak sèvis sipò entegre pou moun ak fanmi. Nou pran angajman pou nou ede moun ak fanmi gras ak yon sistèm efikas epi mezirab tretman kominotè terapetik pou adiksyon ak sipò nan retablisman yon fason ki pote rezilta pozitif alontèm.

Read More

Habitat for Humanity of Greater Newark, Inc.

Abita pou Limanite (Habitat for Humanity) anvizaje yon mond kote tout moun gen yon kote desan pou yo rete. Misyon Abita se pou l sèvi plis fanmi lè l reponn ak aspirasyon kominote a avèk yon gàm elaji pwodi, sèvis ak patenarya, pou pèmèt rezidan yo fè katye yo reviv epi amelyore kalite lavi a.

Read More

Koneksyon Fanmi (Family Connections)

Koneksyon FANMI (FAMILY Connections) se yon ajans kominotè ki ofri konsèy ak sèvis pou fanmi. Chak jou, nou ede timoun, adilt ak fanmi yo transfòme lavi yo nan bon sans la gras ak sèvis konsèy inovan, ranfòsman konpetans, fòmasyon ak prevansyon nou bay avèk yon gwo evantay sèvis espesyalize pou tout laj.

Read More