Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy and Parenting Connection)

Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy & Parenting Connection, EPPC) fè pati inisyativ admisyon santral NJ a ki konekte fanmi nan Konte Essex yo anvan epi pandan gwosès la, lè timoun nan ti bebe ak lè timoun nan piti avèk sèvis yo nan kominote a. Objektif la se pou founi koneksyon ki pote fwi ant fanmi yo ak sèvis yo bezwen yo pou yo rete ansante epi ansekirite.

Read More

Divizyon Èd ak Avantaj pou Fanmi (Division of Family Assistance and Benefits) – Depatman Sèvis Sitwayen Konte Essex Essex County Dept. Of Citizen Services)

Se misyon ak responsabilite Divizyon Èd ak Avantaj Fanmi nan Konte Essex la pou l ofri yon opòtinite pou otonomi bay moun yo ak fanmi yo atravè pwogram sèvis ekonomik epi sosyal ki fèt pou sa. Konsèy Sèvis Sosyal Konte a founi yon varyete sèvis finansye, medikal ak sosyal bay moun ak fanmi ki reponn ak kritè nesesè pou pwogram nan.

Read More

Bank Alimantè Kominotè New Jersey (Community FoodBank of New Jersey)

Bank Alimantè Kominotè New Jersey (Community FoodBank of New Jersey, CFBNJ) a, yon manm Feeding AmericaŽ, se òganizasyon prensipal pou lit kont grangou ak pòvrete nan eta a. Sa ki te kòmanse tankou yon ti antrepriz modès dèyè kamyonèt fondatè nou an, Kathleen DiChiara, anba lavil Newark nan lane 1975, vin tounen yon sosyete ki pa travay pou pwofi nan lane 1982 epi li grandi pou l tounen de (2) gwo enstalasyon depo nan Hillside ak Egg Harbor Township, gwosè konbine senk teren foutbòl ameriken. Anplasman sa yo desèvi pwogram zòn nan ak patnè kominotè yo- plis pase 1,000 nan 15 sou 21 konte nan New Jersey yo- kote 760,000 vwazen ki pa gen sekirite alimantè ki nan bezwen rezide.

Read More

Èd pou Timoun ak Sèvis pou Fanmi (Children’s Aid and Family Services) – Pwogram pou Fanmi WISE

Pwogram WISE la se yon patenarya ant Èd pou Timoun ak Sèvis pou Fanmi (Children’s Aid and Family Services) ak sant Pledwaye pou Timoun Fwaye Wynona (Wynona’s House Child Advocacy Center) a nan Newark. WISE se yon pwogram ki baze sou prèv ke Barbara Bonner ak kòlèg li yo nan Sant pou Maltretans ak Neglijans Timoun nan Inivèsite Oklahoma a te devlope pou ede fanmi ki gen timoun ki gen laj 8 – 15 lane ki gen pwoblèm ak limit seksyèl yo. Li ofri evaliyasyon, edikasyon, tretman ak prevansyon ni pou paran yo, ni pou timoun yo. Fanmi yo nan tretman pandan anviwon 16 – 18 semèn. Chak fanmi patisipe nan yon gwoup konsèy ki baze sou yon kourikoulòm konplè, ki baze sou prèv.

Gen sesyon endividyèl, familyal ak an gwoup kanmarad ki fèt tou. Pifò pwogram ki abòde enkyetid sou konpòtman seksyèl yo konsantre sou viktim nan. WISE inik poutèt li travay avèk jèn ki gen pwoblèm konpòtman seksyèl yo ansanm ak moun k ap ba yo swen yo. Fanmi yo resevwa sipò pou yo kominike yon fason pi efikas youn ak lòt epi idantifye pwoblèm fondamantal yo bezwen abòde yo. WISE diminye posibilite konpòtman ki bay pwoblèm yo lakay timoun yo, lè li ede evite ke yo antre nan sistèm jistis pou minè a oswa nan plasman nan fanmi akèy oswa swen nan enstitisyon.

Sèvis yo kontinye pandan pandemi an. Gen sesyon telesante ki fèt avèk yon modèl familyal olye yon tretman nan gwoup. Jèn yo ak moun k ap ba yo swen yo angaje nan sesyon terapi endividyèl ak familyal.

Read More

Klèb Tigason ak Tifi Newark (Boys & Girls Club of Newark)

Nou ofri yon refij sekirize kote timoun yo ak fanmi yo resevwa sipò adisyonèl yo bezwen fas ak ensètitid pou yo epànwi. Pwogram paraskolè yo fè prèv yo nan estimile pèfòmans akademik, diminye konpòtman riske, favorize sante fizik epi ofri yon anviwònman sekirize, estriktire pou timoun ki gen paran yo k ap travay.

Read More

Gran Frè Gran Sè nan Konte Essex, Hudson ak Union (Big Brothers Big Sisters of Essex, Hudson & Union Counties)

Gran Frè Gran Sè (Big Brothers Big Sisters) fonksyone selon konviksyon ke tout timoun genyen nan yo kapasite pou yo reyisi epi epànwi yo nan lavi a. Antanke pi gwo rezo ankadreman nan peyi a ke moun ki fè don ak volontè sipòte, Gran Frè Gran Sè etabli jimlaj ki siyifikatif epi ki siveye ant volontè adilt yo (“Gwo yo”) ak timoun yo (“Piti yo”), nan laj 6 jiska 18 lane, nan kominote yo atravè peyi a. Nou devlope relasyon pozitif ki gen yon efè dirèk epi ki dire sou lavi jèn moun yo. Lè timoun yo ak adolesan yo gen enfliyans yon adilt ki byenveyan, yo gen plis chans pou yo evite konpòtman ki riske epi pou yo konsantre sou etid akademik yo.

Read More