Bibliyotèk Piblik Newark la (Newark Public Library)
Bibliyotèk Piblik Newark la bay sèvis ak resous esansyèl bay tout moun k ap chèche opòtinite pou konstwi yon lavi miyò.
Bibliyotèk Piblik Newark la transfòme lavi e ranfòse kominote yo atravè sèvis inovan, pwogram ki estimilan epi koleksyon ki enspiran.
Read MoreSPAN | Rezo Defans Dwa Paran yo nan tout Eta a (Statewide Parent Advocacy Network)
SPAN Rezo Defans Dwa Paran yo (Parent Advocacy Network) se yon òganizasyon endepandan 501(c)3 ki angaje nan responsablize fanmi yo antanke defansè ak patnè nan amelyore rezilta nan domèn edikasyon, sante, ak sante mantal pou tibebe, timoun piti, timoun ak jèn. SPAN se yon “premye arè” pou fanmi New Jersey yo. Vizyon nou se ke tout fanmi yo ap gen resous ak sipò yo bezwen pou asire ke pitit yo devni manm ki patisipe e kontribye totalman nan kominote nou yo ak nan sosyete a. Misyon nou se responsabilize ak sipòte, enfò epi enplike pwofesyonèl ki enterese ak yon devlòpman e edikasyon timoun ak jèn ansante
Read MoreSant Resous pou Fanm Shani Baraka (Shani Baraka Women’s Resource Center)
Sant Resous pou Fanm Shani Baraka (Shani Baraka Women Resource Center) ofri yon varyete sèvis ak resous gratis ki dedye pou ede fanm ki nan kriz yo epi ba yo mwayen pou yo reprann endepandans yo.
Read MorePwojè Lidèchip Sadie Nash (Sadie Nash Leadership Project)
Pwojè Lidèchip Sadie Nash la te fonde nan lane 2001 pou fè pwomosyon sou lidèchip ak aktivis nan mitan jèn medam yo. Pwogram nan fèt pou ranfòse, rann otonòm, ak ekipe jèn fanm kòm ajan pou chanjman nan lavi yo ak nan mond lan. Lè yo ogmante patisipasyon fanm nan prran desizyon sosyal, politik ak ekonomik, SNLP ap chache kesyone ak redefini nati lidèchip epi ankouraje pèspektiv ak pratik ki kowoperatif, responsab, etik ak efikas.
Read MoreRutgers University Behavioral Health Care – UBHC
UBHC angaje nan bay bon jan kalite swen pou moun ki bezwen sèvis sante konpòtmantal e li rive nan kominote toupatou nan eta a avèk yon seri pwogram tretman efikas pou timoun, adolesan, jèn adilt ak fanmi yo. Nou se yon lidè tou nan pwogram prevansyon, entèvansyon nan lekòl yo, fòmasyon pwofesyonèl, ak edikasyon nan sante konpòtmantal sou pwoblèm ki enpòtan anpil pou byennèt kominote nou an.
Read MorePwojè U.S.E.
Pwojè U.S.E. a se yon òganizasyon edikatif prive san bi likratif ki konsantre l sou devlope karaktè, bati kominote, amelyore pwogram eskolè tradisyonèl la, epi konekte ak mond natirèl la. Fonde nan lane 1970, nou travay ak plis pase 3,000 jèn ak adilt chak ane nan tout New Jersey a ak nan nòdès la. Nou bay pwogram edikatif ki baze sou eksperyans e ekstèn ak lekòl piblik ak prive yo, ak ajans etatik ak minisipal yo, ak gwoup kominotè yo ak antrepriz yo. Pou konnen plis sou moun nou sèvi ak enpak nou, klike anba a.
Read MorePwogram pou Paran yo
Pwogram pou Paran yo (PfP) se yon òganizasyon san bi likratif ki travay pou asire ke timoun yo jwenn pi bon depa posib nan lavi a. Nou akonpli sa a nan fè pwomosyon pou bon jan sèvis gadri nan kominote nou an.
Nou mete fanmi k ap chèche gadri yo an kontak ak òganizasyon sa yo ki gen kalifikasyon pou sa. Anplis de sa, objektif nou se kontinye amelyore konpetans ak aktivite pwofesyonèl ki nan gadri yo, pou timoun ak fanmi yo resevwa bon jan kalite sèvis nan domèn sante, sekirite ak devlòpman timoun.
Read MorePatenarya pou Sante Matènèl ak Timoun (Partnership for Maternal & Child Health)
Patenarya a se te fizyon twa konsòsyòm eta pou sante matènèl ak timoun nan lane 2012. Patenarya a sèvi kòm ajans planifikasyon prensipal pou sèvis sante matènèl ak timoun nan Nò New Jersey, anba lisans Depatman Sante ak Sèvis pou Moun Aje nan New Jersey.
Misyon nou se reponn ak bezwen swen sante fanm yo, tibebe ak timoun yo nan NJ pandan n ap kowòdone edikasyon, planifikasyon ak defans atravè yon planifikasyon ak yon kolaborasyon rejyonal. Konsòsyòm nan fè gwo pwogram sansibilizasyon kominotè ak edikasyon pou konsomatè ak founisè swen sante yo nan eta New Jersey.
Patenarya MCH la fè pwogram sansibilizasyon nan kominote a nan divès fason tankou ti gwoup diskisyon, evènman espesyal, fwa sou sante ak jounal ki fèt pou konsomatè yo ki ekri nan lang Angle ak Panyòl.
NJIT GEAR-UP
Lyezon NJ GEAR UP/Destinasyon Kolèj te kòmanse kòm Konsòsyòm pou edikasyon pre-inivèsite nan Gran Newark/Pwogram Destinasyon Kolèj nan New Jersey nan lane 1986, kòm yon kolaborasyon ant lekòl piblik Newark yo ak eta New Jersey. Yo te atribye pati federal pwogram GEAR UP la nan lane 1999 pou bay etidyan yo sèvis siplemantè.
Read MoreTribinal pou Minè nan Newark – Sant pou Inovasyon Tribinal
Sant pou Inovasyon Tribinal (Center for Court Innovation
) lan ap chèche ede kreye yon sistèm jistis ki pi efikas e ki pi imen. Sant lan te lanse youn nan premye tribinal pou minè nan New York nan Red Hook, Brooklyn nan lane 1998. Jodiya, Sant lan ap jere tou tribinal pou minè nan Harlem, Queens, Staten Island, ak Newark, N.J. Tribinal pou minè yo itilize presyon pozitif tribinal pou minè parèy yo pou asire ke jèn ki te komèt enfraksyon minè yo retounen nan kominote yo epi resevwa èd ke yo bezwen pou evite yo enplike plis nan sistèm jidisyè a. Tribinal pou minè yo tande yon seri de krim ba nivo; anpil nan ka tribinal yo trete te ka abouti nan Tribinal pou Fanmi oswa nan Tribinal Penal. Sant lan ede jiridiksyon lokal yo tou nan efò y ap fè pou etabli tribinal pou minè yo.