Pasaj pou al nan Inivèsite Kolèj Konte Essex
Pasaj pou al nan Inivèsite (Gateway to College) nan Kolèj Konte Essex (Essex County College) pèmèt jèn ki depase laj yo epi ki pa gen ase kredi ki nan lekòl segondè jwenn yon diplòm ak doub kredi nan yon anviwònman inivèsitè favorab.
Read MoreFocus Hispanic Center for Community Development, Inc.
Misyon FOCUS se pou l ofri lidèchip kominotè lè l devlope yon varyete sèvis sante ak inisyativ devlòpman moun ki fè kominote a avanse nan direksyon otonomi, kwasans, responsabilizasyon ak yon pi bon kalite lavi.
Read MoreKoneksyon Fanmi (Family Connections)
Koneksyon FANMI (FAMILY Connections) se yon ajans kominotè ki ofri konsèy ak sèvis pou fanmi. Chak jou, nou ede timoun, adilt ak fanmi yo transfòme lavi yo nan bon sans la gras ak sèvis konsèy inovan, ranfòsman konpetans, fòmasyon ak prevansyon nou bay avèk yon gwo evantay sèvis espesyalize pou tout laj.
Read MoreEssex ResourceNet
ResourceNet Konte Essex la se yon resous sou entènèt ki founi yon gwo evantay enfòmasyon sou sipò, resous ak sèvis pou fanmi yo nan Konte Essex la. Fanmi New Jersey yo ka jwenn aktivite lwazi, pwofesyonèl swen sante, gwoup sipò ak evènman espesifik nan zòn ou an. Si w se yon rezidan Konte Essex, NJ, tanpri, vizite sitwèb la epi abone pou w resevwa Evènman ak Nouvèl Chak Mwa.
Read MoreKoneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy and Parenting Connection)
Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy & Parenting Connection, EPPC) fè pati inisyativ admisyon santral NJ a ki konekte fanmi nan Konte Essex yo anvan epi pandan gwosès la, lè timoun nan ti bebe ak lè timoun nan piti avèk sèvis yo nan kominote a. Objektif la se pou founi koneksyon ki pote fwi ant fanmi yo ak sèvis yo bezwen yo pou yo rete ansante epi ansekirite.
Read MoreDivizyon Èd ak Avantaj pou Fanmi (Division of Family Assistance and Benefits) – Depatman Sèvis Sitwayen Konte Essex Essex County Dept. Of Citizen Services)
Se misyon ak responsabilite Divizyon Èd ak Avantaj Fanmi nan Konte Essex la pou l ofri yon opòtinite pou otonomi bay moun yo ak fanmi yo atravè pwogram sèvis ekonomik epi sosyal ki fèt pou sa. Konsèy Sèvis Sosyal Konte a founi yon varyete sèvis finansye, medikal ak sosyal bay moun ak fanmi ki reponn ak kritè nesesè pou pwogram nan.
Read MoreVil Newark: Sant Kote Jèn yo Jwenn Tout Bagay pou Karyè yo (Youth One Stop Career Center)
Sant Kote Jèn yo Jwenn Tout Bagay pou Karyè yo nan Newark sipòte kwasans ak siksè timoun nou yo. Nou desèvi jèn ki gen 16-24 lane. La a, yo ka resevwa èd pou yo jwenn GED yo, pou yo devlope kourikoulòm vite yo epi pou yo jwenn yon travay.
Read MoreVil Newark: Depatman Sante ak Byennèt Kominotè (Department of Health and Community Wellness)
Depatman Sante ak Byennèt Kominotè a ofri swen sante prensipal atravè Sant Sante Mary Eliza Mahoney a nan kat anplasman nan Vil Newark la. Depatman Sèvis Sante pou Byennèt Timoun ak Fanmi (Dept. Of Child & Family Well Being Health Services) ofri sèvis medikal bay rezidan Newark yo sèlman.
Read MorePwogram Idantifikasyon Minisipal Vil Newark (City of Newark Municipal ID Program)
Idantifikasyon Minisipal Newark la se yon prèv rezidans pou rezidan Newark yo, sa ki pral pèmèt yo gen aksè ak sèvis, lekòl, bibliyotèk gouvènman vil la epitou ouvri yon kont labank. Yo ka itilize kat la tou pou rabè nan sant sante ak byennèt, pwogram preskripsyon, sinema ak lòt ankò ki patisipe nan pwogram nan.
Read MoreLiyAsistans pou Enfòmasyon Vil Newark
Liy Asistans pou Enfòmasyon Jeneral Vil Newark, Lyen Itil, Sèvis ak plent Jeneral.
Read More