Pwojè U.S.E.

Pwojè U.S.E. a se yon òganizasyon edikatif prive san bi likratif ki konsantre l sou devlope karaktè, bati kominote, amelyore pwogram eskolè tradisyonèl la, epi konekte ak mond natirèl la. Fonde nan lane 1970, nou travay ak plis pase 3,000 jèn ak adilt chak ane nan tout New Jersey a ak nan nòdès la. Nou bay pwogram edikatif ki baze sou eksperyans e ekstèn ak lekòl piblik ak prive yo, ak ajans etatik ak minisipal yo, ak gwoup kominotè yo ak antrepriz yo. Pou konnen plis sou moun nou sèvi ak enpak nou, klike anba a.

Read More

Patenarya pou Sante Matènèl ak Timoun (Partnership for Maternal & Child Health)

Patenarya a se te fizyon twa konsòsyòm eta pou sante matènèl ak timoun nan lane 2012. Patenarya a sèvi kòm ajans planifikasyon prensipal pou sèvis sante matènèl ak timoun nan Nò New Jersey, anba lisans Depatman Sante ak Sèvis pou Moun Aje nan New Jersey.
Misyon nou se reponn ak bezwen swen sante fanm yo, tibebe ak timoun yo nan NJ pandan n ap kowòdone edikasyon, planifikasyon ak defans atravè yon planifikasyon ak yon kolaborasyon rejyonal. Konsòsyòm nan fè gwo pwogram sansibilizasyon kominotè ak edikasyon pou konsomatè ak founisè swen sante yo nan eta New Jersey.
Patenarya MCH la fè pwogram sansibilizasyon nan kominote a nan divès fason tankou ti gwoup diskisyon, evènman espesyal, fwa sou sante ak jounal ki fèt pou konsomatè yo ki ekri nan lang Angle ak Panyòl.

Read More

NJIT GEAR-UP

Lyezon NJ GEAR UP/Destinasyon Kolèj te kòmanse kòm Konsòsyòm pou edikasyon pre-inivèsite nan Gran Newark/Pwogram Destinasyon Kolèj nan New Jersey nan lane 1986, kòm yon kolaborasyon ant lekòl piblik Newark yo ak eta New Jersey. Yo te atribye pati federal pwogram GEAR UP la nan lane 1999 pou bay etidyan yo sèvis siplemantè.

Read More

Tribinal pou Minè nan Newark – Sant pou Inovasyon Tribinal

Sant pou Inovasyon Tribinal (Center for Court Innovation
) lan ap chèche ede kreye yon sistèm jistis ki pi efikas e ki pi imen. Sant lan te lanse youn nan premye tribinal pou minè nan New York nan Red Hook, Brooklyn nan lane 1998. Jodiya, Sant lan ap jere tou tribinal pou minè nan Harlem, Queens, Staten Island, ak Newark, N.J. Tribinal pou minè yo itilize presyon pozitif tribinal pou minè parèy yo pou asire ke jèn ki te komèt enfraksyon minè yo retounen nan kominote yo epi resevwa èd ke yo bezwen pou evite yo enplike plis nan sistèm jidisyè a. Tribinal pou minè yo tande yon seri de krim ba nivo; anpil nan ka tribinal yo trete te ka abouti nan Tribinal pou Fanmi oswa nan Tribinal Penal. Sant lan ede jiridiksyon lokal yo tou nan efò y ap fè pou etabli tribinal pou minè yo.

Read More

Rezo Opòtinite pou Jèn nan Newark (Newark Opportunity Youth Network) – NOYN

Misyon Rezo Opòtinite pou Jèn nan Newark la (Newark Opportunity Youth Network) gen twa volè:
1) mete sou pye lekòl piblik ki eksepsyonèl, ki gen nivo mondyal ak pwogram edikatif pou fasilite jèn yo eksplwate entèlijans yo ak enèji pozitif jèn ki gen fèb revni yo;
2) pwouve ke jèn yo ka reyalize bagay pozitif apre lekòl segondè yo malgre gwo obstak yo kontre; ak
3) milite pou chanjman politik piblik ki anpeche siksè yo.

Rekonèt ke jèn yo se youn nan pi gwo resous ki disponib pou sivi kominote nou an, n ap yon kominote aprantisaj pwofesyonèl, ki kiltive ak rekonpanse inovasyon ak ankouraje kolaborasyon nan rezo a ak nan mitan konpozan rezo yo.

Read More

Mouvman Mantora nan Newark (Newark Mentoring Movement)

Misyon Mouvman Mantota nan Newark (Newark Mentoring Movement) la se pou l transfòme kominote nou an nan prepare jèn yo pou yo reyisi nan lavi yo atravè relasyon pozitif mantora yo. Nou travay pou n ogmante kalite ak kantite relasyon mantora k ap sèvi jèn ki nan Newark yo. Nou pa yon pwogram mantora ki bay sèvis dirèk. Nou se pito yon rezo pou òganizasyon ak moun k ap chèche ede jèn ki nan Newark yo atravè mantora a.

Read More

Atizay Newark (Newark Arts)

Objektif Atizay Newark (Newark Arts) se pou pataje resous, devlope kolaborasyon ak opòtinite entèfonksyonèl, fè pwomosyon efò pou pledwaye, bay asistans nan devlòpman yon piblik ak sansibilizasyon piblik pou atizay ak kilti, epi sèvi kòm yon resous kiltirèl kominotè.Atizay Newark (Newark Arts) egziste pou amelyore kalite lavi pou atis yo nan Newark, òganizasyon atizay yo, ak rezidan yo gras ak inisyativ dirab ki founi salè pou pèmèt yo viv, amelyore edikasyon nan lide pou yon meyè preparasyon pou inivèsite, ogmante asyèt fiskal la epi kreye yon pi gwo angajman sivik.

Read More

La Casa de Don Pedro

La Casa desèvi plis pase 50,000 moun prensipalman nan Zòn Metwopolitèn Newark ak Konte Essex. Zòn sèvis prensipal òganizasyon an se Gran Nò Newark, ak yon devlòpman kominotè konplè ki sible pou kominote Lower Broadway la. Kominote nou an reflete yon pwofil demografik divèsifye de yon popilasyon Ispanik ak Afwo-Ameriken. La Casa de Don Pedro reponn ak bezwen kominote nou yo grasa pwogram konplè ki ankouraje moun yo e remete lavi nan katye yo, a chak etap dewoulman yo.

Read More

Imajine Newark (Imagine Newark)

Imajine (Imagine), Yon Sant pou Moun fè Fas ak Pèt, se yon sant sipò pou dèy pou timoun, jèn adilt ak fanmi jere lanmò oswa maladi ki chanje lavi yon paran, sè oswa frè oswa pitit. Imajine (Imagine) ofri sipò pou dèy ant kanmarad gratis pandan tout ane a pandan tout tan ki nesesè a. Aktyèlman n ap sèvi plis pase 285 patisipan ki soti nan 55 vil nan sant nou an chak de (2) semèn. Objektif Imajine (Imagine) se pou l kreye kominote kote dèy ak pèt transfòme pou vin tounen rezilyans, anpati ak konpasyon; epi kreye kominote kote okenn timoun pa fè dèy poukont yo.

Read More

Enstiti Hetrick-Martin (Hetrick-Martin Institute): New Jersey

Enstiti Hetrick-Martin (Hetrick-Martin Institute) kwè ke tout jèn moun, kèlkeswa oryantasyon oswa idantite seksyèl yo, merite yon anviwònman san danje epi favorab kote yo ka atenn tout potansyèl yo. Hetrick-Martin kreye anviwònman sa a pou jèn lezbyèn, masisi, biseksyèl, transjan ak sa k ap kesyone tèt yo (LGBTQ) ki gen ant laj 13 ak 21 lane ak fanmi yo. Gras ak yon ansanm konplè sèvis ak referans dirèk, Hetrick-Martin chèche favorize bon devlòpman jèn yo. Pèsonèl Hetrick-Martin la favorize ekselans nan livrezon sèvis pou jèn yo epi li itilize ekspètiz li pou l kreye pwogram ki inovan ke lòt òganizasyon ka itilize kòm modèl.

Read More