Prezèvasyon Zòn Metwopolitèn Newark (Greater Newark Conservancy)

Prezèvasyon Zòn Metwopolitèn Newark (Greater Newark Conservancy) anvizaje ke chak moun nan kominote nou an viv ansante, gen lavi pwodiktif nan amoni ak lanati. Nou pran angajman pou nou santre ekite ak opòtinite nan tout pwogram nou yo epi nan tout òganizasyon nou an.

Pou nou fè vizyon sa a avanse, nou kreye opòtinite pou moun angaje tèt yo nan jadinaj ak agrikilti kominotè; jwenn aksè ak pwodi nitritif ki kiltive nan nivo lokal; eksperimante kwasans pèsonèl atravè edikasyon anviwònmantal, fòmasyon sou lidèchip jèn yo ak sipò pou sitwayen ki tounen yo; epi envesti nan katye nou yo atravè kolaborasyon avèk òganizasyon patnè nou yo pou plante grenn, fè kominote a grandi, chanje lavi yo.

Read More

Ankadreman pou Dèy (Good Grief)

Nan Ankadreman pou Dèy (Good Grief), nou ofri sipò san limit epi gratis bay timoun, adolesan, jèn adilt ak fanmi apre lanmò yon manman, papa, sè oswa frè atravè pwogram sipò ant omològ, edikasyon ak pledwaye. Pwogram nou yo reponn ak bezwen timoun nan okonplè: elimine izòlman ak estigma, ekipe fanmi yo avèk estrateji jesyon ak konpetans nan kominikasyon epi favorize sante mantal ak sante fizik ki sen. Ankadreman pou Dèy (Good Grief) travay pou sansibilize epi fè pledwaye pou timoun ak fanmi ki nan dèy pou asire ke okenn timoun pa fè dèy poukont yo.

Vizyon nou se pou nou ofri timoun ak adolesan nan tout New Jersey yo sipò ak pledwaye gratis, san limit epi aksesib, pandan n ap fè New Jersey tounen premye eta ki bay sipò ak pledwaye konplè pou tout timoun ak fanmi li yo ki nan dèy.

Read More

Òganizasyon Sipò pou Fanmi Konte Essex (Family Support Organization of Essex County)

Òganizasyon Sipò pou Fanmi Konte Essex se yon òganizasyon ki pa gen objektif fè lajan ki santre sou fanmi, akse sou fanmi ki ofri sipò ant kanmarad, edikasyon ak pledwaye pou paran timoun ki gen difikilte emosyonèl, konpòtmantal, sante mantal, itilizasyon sibstans, entelektyèl ak devlòpmantal.

Objektif nou se pou nou bay paran ak moun k ap pran swen yo mwayen pou yo pran kontwòl lavi yo lè yo mize sou fòs yo epi sipòte yo lè li nesesè. Nou travay avèk lòt ajans pou ranfòse fanmi yo pou kenbe jèn yo ansante lakay yo ak nan kominote yo

Read More

Essex ResourceNet

ResourceNet Konte Essex la se yon resous sou entènèt ki founi yon gwo evantay enfòmasyon sou sipò, resous ak sèvis pou fanmi yo nan Konte Essex la. Fanmi New Jersey yo ka jwenn aktivite lwazi, pwofesyonèl swen sante, gwoup sipò ak evènman espesifik nan zòn ou an. Si w se yon rezidan Konte Essex, NJ, tanpri, vizite sitwèb la epi abone pou w resevwa Evènman ak Nouvèl Chak Mwa.

Read More

Sant Elèv Dr. Marion A. Boldern (Dr. Marion A. Bolden Student Center)

Misyon Biwo Tan Aprantisaj Pwolonje (Office of Expanded Learning Time, ELT) a se pou l kowòdone, devlope, mete anplas epi fè pwomosyon bon kalite pwogram anvan/apre lekòl ak pandan sezon ete. Vizyon nou se pou nou amelyore eksperyans akademik rezidan Newark ki gen laj pou al lekòl yo atravè yon pòtfolyo aktivite estriktire, sipèvize e pozitif. Biwo Tan Aprantisaj Pwolonje (ELT) a fè patenarya avèk: fanmi yo, lekòl yo, òganizasyon kominotè yo, finansè yo ak lòt aktè konsène yo nan Newark pou akonpli misyon sa a ak vizyon sa a.

Read More

ASPIRA New Jersey

Misyon ASPIRA se pou l responsabilize kominote a atravè pledwaye, edikasyon ak devlòpman lidèchip. Nan lane 1961, Doktè Antonia Pantoja ak yon gwoup edikatè ak pwofesyonèl te kreye ASPIRA (mo espanyòl pou “aspire”), pou lite kont to abandon lekòl ki wo anpil ak nivo randman eskolè ki fèb lakay jèn pòtoriken yo. Yo te gen konviksyon ke sèl fason pou libere kominote Latino a anba pòvrete epi fè pwomosyon devlòpman konplè l se te pou konsantre sou edikasyon jèn moun yo ak devlope potansyèl lidèchip yo, konfyans nan tèt yo ak fyète yo nan eritaj kiltirèl yo. ASPIRA fè pwomosyon lidèchip atravè edikasyon lè l ofri konsèy, oryantasyon pwofesyonèl, plasman nan inivèsite ak asistans pou jwenn èd finansye pou edikasyon inivèsitè.

Read More