YMCA Newark ak Anviwon li yo

Depi 1881, YMCA Newark la ap reponn ak bezwen kominote a gras ak yon evantay pwogram ak sèvis. Misyon nou se pou ofri posibilite pou epanouyisman endividyèl, devlòpman jèn yo ak fanmi yo e amelyorasyon global kalite lavi nan kominote nou an gras ak pwogram ki enkli sante, lojman, lwazi, edikasyon ak direksyon sosyal.

Nou akonpli misyon nou nan domèn konsantrasyon nou yo:
– Devlòpman Jèn yo
– Lavi Ansante
– Responsabilite Sosyal

Read More

Wynona’s House

Sant pou Defann Timoun Senatè Wynona Lipman lan (ke tout moun konnen sou non Wynona’s House) te kreye nan Newark, New Jersey kòm yon òganizasyon san bi likratif 501(c)3 ke misyon l se pou ede timoun ke te sibi abi oswa ke yo te neglije. Wynona’s House revolisyone pwosesis ke timoun ak fanmi ki dwe fè fas ak konsekans abi ak neglijans andire nan Konte Essex. Nou se yon kolaborasyon plis pase 70 defansè miltidisiplinè k ap ede timoun nan Konte Essex yo ki te sibi abi oswa ke yo te neglije. misyon Wynona’s House se pou fè pwomosyon jistis epi asire gerizon pou timoun ki viktim abi ak neglijans nan Konte Essex.

Read More

Sant pou Èd Essex ak West Hudson

Envesti nan moun defavorize yo pandan y ap kontwi kominote ki pi solid e ki pi an sante gras ak edikasyon epi otonimizasyon finansye.Gras ak lidèchip nou epi patenarya nou yo, rezidan ki nan 13 minisipalite nou yo gen opòtinite pou yo kreye lavi pi an sante ak aksè ak edikasyn bon kalite epi posibilite pou avansman ekonomik.

Read More

Fondasyon Wight

Pwogram fòmasyon ak anrichisman Bousye Fondasyon Wight lan (STEP) Founi anrichisman akademik pou elèv ki nan klas 8yèm ane nan preparasyon pou admisyon yo nan entèna preparatwa pou inivèsite. Li lokalize nan rejyon New England ak Mid-Atlantic Etazini yo.

Read More

Urban League Konte Essex

Urban League Konte Essex la se yon òganizasyon ki gen pwofesyonèl, benevòl byenveyan ak administratè angaje ki konpetan ki bay tèt yo misyon pou amelyore lavi rezidan defavorize yo nan tout Konte Essex la, nan New Jersey. Nou kwè nan rèv Ameriken an – ke tout moun ta dwe gen yon opòtinite ekitab pou atenn siksè ak pwosperite gras ak travay di, detèminasyon epi inisyativ.
Misyon nou pou ede Afwo Ameriken yo ak rezidan iben defavorize yo nan atent otosifizans sosyal ak ekonomik lan ak yon vizyon kominote iben dinamik e pwospè k ap ofri bon anplwa, bon lekòl, ak yon kalite lavi ki renfòse vwazinaj ke yo chwazi yo gras ak valè ekselans, inovasyon entegrite, respè ak kolaborasyon efikas.

Read More

The North Ward Center Inc.

Misyon Sant Zòn Nò a (North Ward Center) a se pou ranfòse kominote nou an nan kreye opòtinite akademik, soutni sante ak byennèt fanmi yo epi amelyore kalite lavi pou tout rezidan yo. Prensip fonskyònman nou yo se ofri pwogram ki responsab fiskalman ki konstwi fondasyon pou yon kominote ki vyab sou plan ekonomik.

Read More

SPAN | Rezo Defans Dwa Paran yo nan tout Eta a (Statewide Parent Advocacy Network)

SPAN Rezo Defans Dwa Paran yo (Parent Advocacy Network) se yon òganizasyon endepandan 501(c)3 ki angaje nan responsablize fanmi yo antanke defansè ak patnè nan amelyore rezilta nan domèn edikasyon, sante, ak sante mantal pou tibebe, timoun piti, timoun ak jèn. SPAN se yon “premye arè” pou fanmi New Jersey yo. Vizyon nou se ke tout fanmi yo ap gen resous ak sipò yo bezwen pou asire ke pitit yo devni manm ki patisipe e kontribye totalman nan kominote nou yo ak nan sosyete a. Misyon nou se responsabilize ak sipòte, enfò epi enplike pwofesyonèl ki enterese ak yon devlòpman e edikasyon timoun ak jèn ansante

Read More

Rutgers University Behavioral Health Care – UBHC

UBHC angaje nan bay bon jan kalite swen pou moun ki bezwen sèvis sante konpòtmantal e li rive nan kominote toupatou nan eta a avèk yon seri pwogram tretman efikas pou timoun, adolesan, jèn adilt ak fanmi yo. Nou se yon lidè tou nan pwogram prevansyon, entèvansyon nan lekòl yo, fòmasyon pwofesyonèl, ak edikasyon nan sante konpòtmantal sou pwoblèm ki enpòtan anpil pou byennèt kominote nou an.

Read More

NJIT GEAR-UP

Lyezon NJ GEAR UP/Destinasyon Kolèj te kòmanse kòm Konsòsyòm pou edikasyon pre-inivèsite nan Gran Newark/Pwogram Destinasyon Kolèj nan New Jersey nan lane 1986, kòm yon kolaborasyon ant lekòl piblik Newark yo ak eta New Jersey. Yo te atribye pati federal pwogram GEAR UP la nan lane 1999 pou bay etidyan yo sèvis siplemantè.

Read More

Tribinal pou Minè nan Newark – Sant pou Inovasyon Tribinal

Sant pou Inovasyon Tribinal (Center for Court Innovation
) lan ap chèche ede kreye yon sistèm jistis ki pi efikas e ki pi imen. Sant lan te lanse youn nan premye tribinal pou minè nan New York nan Red Hook, Brooklyn nan lane 1998. Jodiya, Sant lan ap jere tou tribinal pou minè nan Harlem, Queens, Staten Island, ak Newark, N.J. Tribinal pou minè yo itilize presyon pozitif tribinal pou minè parèy yo pou asire ke jèn ki te komèt enfraksyon minè yo retounen nan kominote yo epi resevwa èd ke yo bezwen pou evite yo enplike plis nan sistèm jidisyè a. Tribinal pou minè yo tande yon seri de krim ba nivo; anpil nan ka tribinal yo trete te ka abouti nan Tribinal pou Fanmi oswa nan Tribinal Penal. Sant lan ede jiridiksyon lokal yo tou nan efò y ap fè pou etabli tribinal pou minè yo.

Read More