Habitat for Humanity of Greater Newark, Inc.

Abita pou Limanite (Habitat for Humanity) anvizaje yon mond kote tout moun gen yon kote desan pou yo rete. Misyon Abita se pou l sèvi plis fanmi lè l reponn ak aspirasyon kominote a avèk yon gàm elaji pwodi, sèvis ak patenarya, pou pèmèt rezidan yo fè katye yo reviv epi amelyore kalite lavi a.

Read More

Koneksyon Fanmi (Family Connections)

Koneksyon FANMI (FAMILY Connections) se yon ajans kominotè ki ofri konsèy ak sèvis pou fanmi. Chak jou, nou ede timoun, adilt ak fanmi yo transfòme lavi yo nan bon sans la gras ak sèvis konsèy inovan, ranfòsman konpetans, fòmasyon ak prevansyon nou bay avèk yon gwo evantay sèvis espesyalize pou tout laj.

Read More

Essex ResourceNet

ResourceNet Konte Essex la se yon resous sou entènèt ki founi yon gwo evantay enfòmasyon sou sipò, resous ak sèvis pou fanmi yo nan Konte Essex la. Fanmi New Jersey yo ka jwenn aktivite lwazi, pwofesyonèl swen sante, gwoup sipò ak evènman espesifik nan zòn ou an. Si w se yon rezidan Konte Essex, NJ, tanpri, vizite sitwèb la epi abone pou w resevwa Evènman ak Nouvèl Chak Mwa.

Read More

Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy and Parenting Connection)

Koneksyon Gwosès ak Edikasyon Parantal nan Essex (Essex Pregnancy & Parenting Connection, EPPC) fè pati inisyativ admisyon santral NJ a ki konekte fanmi nan Konte Essex yo anvan epi pandan gwosès la, lè timoun nan ti bebe ak lè timoun nan piti avèk sèvis yo nan kominote a. Objektif la se pou founi koneksyon ki pote fwi ant fanmi yo ak sèvis yo bezwen yo pou yo rete ansante epi ansekirite.

Read More

Èd pou Timoun ak Sèvis pou Fanmi (Children’s Aid and Family Services) – Pwogram pou Fanmi WISE

Pwogram WISE la se yon patenarya ant Èd pou Timoun ak Sèvis pou Fanmi (Children’s Aid and Family Services) ak sant Pledwaye pou Timoun Fwaye Wynona (Wynona’s House Child Advocacy Center) a nan Newark. WISE se yon pwogram ki baze sou prèv ke Barbara Bonner ak kòlèg li yo nan Sant pou Maltretans ak Neglijans Timoun nan Inivèsite Oklahoma a te devlope pou ede fanmi ki gen timoun ki gen laj 8 – 15 lane ki gen pwoblèm ak limit seksyèl yo. Li ofri evaliyasyon, edikasyon, tretman ak prevansyon ni pou paran yo, ni pou timoun yo. Fanmi yo nan tretman pandan anviwon 16 – 18 semèn. Chak fanmi patisipe nan yon gwoup konsèy ki baze sou yon kourikoulòm konplè, ki baze sou prèv.

Gen sesyon endividyèl, familyal ak an gwoup kanmarad ki fèt tou. Pifò pwogram ki abòde enkyetid sou konpòtman seksyèl yo konsantre sou viktim nan. WISE inik poutèt li travay avèk jèn ki gen pwoblèm konpòtman seksyèl yo ansanm ak moun k ap ba yo swen yo. Fanmi yo resevwa sipò pou yo kominike yon fason pi efikas youn ak lòt epi idantifye pwoblèm fondamantal yo bezwen abòde yo. WISE diminye posibilite konpòtman ki bay pwoblèm yo lakay timoun yo, lè li ede evite ke yo antre nan sistèm jistis pou minè a oswa nan plasman nan fanmi akèy oswa swen nan enstitisyon.

Sèvis yo kontinye pandan pandemi an. Gen sesyon telesante ki fèt avèk yon modèl familyal olye yon tretman nan gwoup. Jèn yo ak moun k ap ba yo swen yo angaje nan sesyon terapi endividyèl ak familyal.

Read More

Klèb Tigason ak Tifi Newark (Boys & Girls Club of Newark)

Nou ofri yon refij sekirize kote timoun yo ak fanmi yo resevwa sipò adisyonèl yo bezwen fas ak ensètitid pou yo epànwi. Pwogram paraskolè yo fè prèv yo nan estimile pèfòmans akademik, diminye konpòtman riske, favorize sante fizik epi ofri yon anviwònman sekirize, estriktire pou timoun ki gen paran yo k ap travay.

Read More

Komite Sèvis Zanmi Ameriken (American Friends Service Committe) – AFSC

Komite Sèvis Zanmi Ameriken (Ameriken Friends Service Committe, AFSC) se yon òganizasyon Quaker ki fè pwomosyon lapè dirab avèk jistis, antanke ekspresyon pratik lafwa annaksyon. Pandan nou apiye sou konesans espirityèl kontinyèl yo epi travay ak moun ki gen diferan orijin, nou kiltive grenn chanjman ak respè pou lavi moun ki transfòme relasyon ak sistèm sosyal yo.

Read More